Al gade sa k anndan l

Tribinal distri Kouznetski a nan zòn Novokouznèts ki nan rejyon Kemerovo.

20 FEVRIYE 2023
LARISI

“Pa gen oken sitiyasyon ki twòp pou mwen””

“Pa gen oken sitiyasyon ki twòp pou mwen””

Tribinal distri Kouznetski a ki nan zòn Novokouznèts la gen pou l fè konnen desizyon li pran anrapò ak ka ki konsènen sè Lyubov Serebryakova. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Sè Lyubov kontinye konte sou Jewova paske li konnen Jewova ap ede l. Sa se yon bèl egzanp pou nou imite lè nou jwenn eprèv menm jan an. — Sòm 37:5.

Dat ak evènman ki te pase

  1. Novanm 2019-2020

    Otorite nan zòn Novokouznèts yo te kòmanse siveye yon kantite frè ak sè e yo te kache mikwo ak kamera pou anrejistre pawòl ak aksyon frè ak sè sa yo.

  2. 8 jiyè 2022

    Ankèt kriminèl kont Lyubov la te kòmanse paske li te asiste reyinyon Temwen Jewova yo e li t ap pale ak lòt moun sou Bib la.

  3. 26 jiyè 2022

    Yo te akize l kòmkwa li t ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon ki ekstremis. Yo te mete restriksyon sou deplasman li ka fè.

  4. 21 septanm 2022

    Pwosè a te kòmanse.

a Nou pa t ka jwenn yon foto sè Serebryakova nan moman yo t ap ekri atik sa a.