Al gade sa k anndan l

Sè Galina Parkova.

25 JANVYE 2021
LARISI

Pandan mari sè Galina Parkova nan prizon, li menm l ap tann pou tribinal la pran desizyon nan ka pa l

Pandan mari sè Galina Parkova nan prizon, li menm l ap tann pou tribinal la pran desizyon nan ka pa l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Rostov-on-Don pwograme pou l fè konnen anvan lontan desizyon li pran nan ka sè Galina Parkova. a Si yo deklare l koupab, komisè gouvènman an mande pou yo ba l twazan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Enfòmasyon pèsonèl

Galina Parkova

  • Dat ak kote li fèt: 1970 (Kaltan).

  • Byografi: Sè Galina marye ak frè Aleksandr an 1990. Yo gen twa pitit fi ak de pitit pitit. Yo te etidye Labib ak Temwen Jewova yo e sè Galina te batize an 1995. Li renmen chante e l renmen fè desen.

Sa k te pase

Otorite yo te ouvè yon dosye kriminèl kont sè Galina nan dat 6 jen 2019. Kèk semèn anvan sa, yo te arete Aleksandr, mari l, e yo mete l nan prizon annatandan yo jije l.

Akoz mari sè Galina nan prizon, sa fè l vin difisil pou sè nou an pran swen tèt li nan domèn materyèl. Mete sou sa, otorite yo te bloke kont li gen labank, sa ki fè l enposib pou l pran kòb li, ata kòb li touche chak mwa pou travay li. Se pou rezon sa a ki fè l kite travay li te ladan l lan epi kounye a l ap fè ti djòb pou l ka viv.

Frè ak sè nou yo nan Larisi se “moun ki dwat [men,] yo boule avèk yo kòmsi yo te fè sa ki mal”. (Eklezyas 8:14.) Egzanp yo bay kòm moun ki gen lafwa ban nou fòs pou n kontinye kenbe fèm kèlkeswa eprèv nou ta rankontre.

a Nou poko konnen ki lè y ap bay desizyon an.