Al gade sa k anndan l

Sè Lyudmila Shchekoldina.

4 MAS 2022
LARISI

Pawòl ankourajan lòt moun di bay sè Lyudmila Shchekoldina fòs

Pawòl ankourajan lòt moun di bay sè Lyudmila Shchekoldina fòs

Tribinal tèritwa Krasnoda nan distri Pavlovski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène sè Lyudmila Shchekoldina. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 23 avril 2020

    Otorite yo ouvri yon ankèt kriminèl sou li apre l te fin pale sou Bib la ak yon moun ki te an reyalite yon ajan sekrè.

  2. 29 avril 2020

    Otorite yo te fè nevèdtan ap fouye kay Lyudmila, e yo te poze l kesyon. Yo te akize l paske l ap soutni aktivite yon òganizasyon ki ekstremis.

  3. 21 jen 2021

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans grasa èd Jewova, sè Lyudmila ak tout frè ak sè nou yo ki fidèl k ap pase anba eprèv ap kontinye rete djanm. — Sòm 68:28.