Al gade sa k anndan l

Soti agoch pou ale adwat: Frè Vladimir Melnik, frè Vladimir Piskarev, ak frè Artur Putintsev.

20 ME 2022
LARISI

Plizyè fanmi ap andire anba pèsekisyon grasa èd Jewova

Plizyè fanmi ap andire anba pèsekisyon grasa èd Jewova

Tribinal distri Sovietski, nan vil Oryòl, gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Vladimir Melnik, frè Vladimir Piskarev, ak frè Artur Putintsev. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 8 desanm 2020

    Yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont frè Melnik, frè Piskarev, ak frè Putintsev.

  2. 9 desanm 2020

    Otorite yo te fouye kay 8 fanmi Temwen Jewova nan Oryòl, sa gen ladan l kay twa frè yo. Yo te voye yo nan detansyon pwovizwa.

  3. 11 desanm 2020

    Yo te voye frè Melnik ak frè Piskarev nan yon prizon annatandan yo jije yo.

  4. 14 desanm 2020

    Yo te voye frè Putintsev nan yon prizon annatandan yo jije l.

  5. 19 janvye 2021

    Otorite yo te fè konnen frè Piskarev te gen plizyè ijans medikal, men yo te refize kite l jwenn swen ak medikaman.

  6. 21 janvye 2021

    Yo te aksepte pou madanm frè Piskarev pote medikaman pou li, men yo te toujou refize pou l jwenn swen nan men doktè.

  7. 24 jen 2021

    Yo te mennen frè Piskarev nan yon lopital, yo te fè egzamen pou li, e yo te wè li fè yon stwok. Yo te fè l retounen nan prizon an malgre eta sante l.

  8. 29 oktòb 2021

    Otorite yo te akize frè yo kòm moun k ap òganize aktivite pou yon òganizasyon ki ekstremis.

  9. 31 janvye 2022

    Pwosè a te kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Se vre fanmi sa yo separe pou yon ti tan, men sa rekonfòte nou lè n konnen pa gen anyen ki te separe yo ak lanmou Jewova, e yo te jwenn pwoteksyon nan men l. — Women 8:38, 39.

a b c Lefètke frè Melnik, frè Piskarev, ak frè Putintsev nan prizon annatandan yo jije yo, li pa t posib pou n te jwenn kòmantè nan men yo.