Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Anatoly Razdobarov ak madanm li, Greta, ak Nikolay Merinov ak madanm li, Liliya, anvan otorite yo te fè agresyon fizik sou li.

10 OKTÒB 2021
LARISI

Polisye nan Larisi atake 2 frè ak madanm yo

Polisye nan Larisi atake 2 frè ak madanm yo

Jou ki te lendi 4 oktòb 2021 an, polisye nan Larisi, nan gwoup OMON a, te fè agresyon fizik sou frè ak sè Anatoly ak Greta Razdobarov, e sou frè ak sè Nikolay ak Liliya Merinov. Atak sa a te fèt lè kèk polisye te rantre nan 12 kay Temwen Jewova nan vil Ikousk. Polisye yo te arete plizyè frè pandan atak sa a.

Bò 6 è nan maten, polisye te rantre ak fòs lakay Anatoly ak Greta. Polisye yo te kenbe Greta nan cheve epi yo trennen l al nan yon lòt chanm. Yo te minote l de bra dèyè e yo te bat li plizyè fwa.

Pandan tan sa a, yo te frape Anatoly atè, yo te minote l de bra dèyè epi yo ba l kou nan tèt ak nan vant li. Polisye yo te kenbe l nan bra l ki minote a e yo rale l leve atè a. Anatoly te gen gwo doulè, paske pwa kò l te lakòz zepòl li blese. Polisye yo te ba l kou nan men, epi yo t ap fòse l bay enfòmasyon sou frè yo. Yo te maltrete l toutpandan y ap eseye fouye yon boutèy an vè nan dèyè l. Yo te fè plis pase uit èdtan kay frè Razdobarov.

Lè yo te rantre lakay Nikolay ak Liliya Merinov, yo te frape Nikolay nan figi l avèk yon bagay byen di. Li te tonbe atè e li pèdi konesans. Lè li vin gen konesans li wè yon polisye chita sou li epi l ap ba l kou. Li te kase dan devan Nikolay yo. Yo te kenbe Liliya nan cheve, yo trennen l sot sou kabann nan epi yo te agrese l fizikman plizyè fwa, finalman yo te kite l al abiye l kòrèkteman.

Yo konsidere fason terib sa yo trete frè ak sè yo kòm yon abi selon Kòd kriminèl Larisi a. Anplis de sa, federasyon Larisi a sipoze obeyi yon seri lwa plizyè òganizasyon entènasyonal tabli pou pwoteje moun pou yo pa maltrete yo. Se sa k fè, de frè sa yo ak madanm yo ap chèche èd lajistis, nasyonal kou entènasyonal, kont krim sa yo.

Apre polisye te fin fè fouy nan 12 kay nan Ikousk e yo te agrese de frè yo ak madanm yo, nan demen, anviwon 300 frè ak sè te ale nan tribinal Oktyabski a nan Ikousk pou soutni sis frè tribinal la te deside voye nan prizon pou tann yo jije yo.

De jou apre atak sa a, gen sis frè tribinal la te mete nan prizon anvan yo jije yo: Yaroslav Kalin, Sergey Kosteev, Nikolay Martynov, Mikhail Moish, Aleksey Solnechny, ak Andrey Tolmachev. Anviwon 300 frè ak sè te vwayaje pou al nan tribinal la pou soutni kwayan parèy yo k ap sibi enjistis.

Nou mete ansanm pou nou di frè ak sè nou yo ki Larisi pawòl apot Pòl te di kretyen Tesalonik yo: “Nou fyè de nou pami kongregasyon Bondye yo, paske, nan tout pèsekisyon nou jwenn ak nan difikilte nou rankontre, nou andire e nou demontre lafwa.” — 2 Tesalonisyen 1:4.

a Yon gwoup espesyal nan Polis nasyonal peyi Larisi.