Al gade sa k anndan l

Sè Lyudmila Ponomarenko.

15 AVRIL 2021
LARISI

Sè Lyudmila Ponomarenko, ki gen 70 an, ap andire pandan y ap mennen ankèt kriminèl sou do l

Sè Lyudmila Ponomarenko, ki gen 70 an, ap andire pandan y ap mennen ankèt kriminèl sou do l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Leninski nan Rostov-on-Don gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène sè Lyudmila Ponomarenko. a

Enfòmasyon pèsonèl

Lyudmila Ponomarenko

  • Dat ak kote li fèt: 1950 (Ola, zòn Magadan).

  • Byografi: Anvan li te pran retrèt li, li te travay kòm elektrisyèn nan yon izin. Li gen de pitit fi ak de pitit pitit. Li renmen li ak fè kwochè. L ap pran swen mari l ki gen gwo pwoblèm sante.

  • Li te aprann non Kreyatè a, e sa te gen yon gwo efè sou li. Yon lòt bagay ki te touche kè l se objektif Bondye gen pou tè a ak pou lèzòm. Li te batize antanke Temwen Jewova an 1998.

Sa k te pase

Nan dat ki te 6 jen 2019 la, yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont sè Lyudmila Ponomarenko. Yo lage akizasyon sou do l paske li bay lokal pou yon òganizasyon ki swadizan ekstremis fè reyinyon e paske li pataje mesaj ki nan Bib la ak lòt moun.

Lyudmila te atann l ap jwenn pèsekisyon menm jan ak lòt frè ak sè nan peyi Larisi yo. Men sa l esplike: “Lè yo te kòmanse pèsekite frè ak sè ki Moskou yo ak frè ak sè ki Taganrog yo, mwen te konprann aklè towouta pèsekisyon sa yo t ap rive sou nou chak.”

Akoz restriksyon ki gen rapò ak COVID-19 la, kwayan parèy nou yo pa ka asiste pwosè sè Lyudmila pou yo ka ankouraje l epi soutni l. Men sa Lyudmila di anrapò ak sa: “Mwen t ap enkyete m e mwen te santi m strese lefètke m poukò m nan jijman ki t ap fèt nan tribinal la. Se sa k fè, mwen te pran abitid chante kantik Wayòm yo tou ba epi priye Jewova lè m sou wout pral jije. Mwen te wè jis nan ki pwen sa ban m fòs. Mwen pa strese pandan jijman yo e tan an sanble pase vit anpil.”

Lyudmila esplike tou efè sitiyasyon l ye a genyen sou mari l ak de pitit fi l yo ki pa Temwen Jewova. Men sa l di: “[Yo] pa ka konprann poukisa mwen devan tribinal. Yo enkyete anpil paske yo ka wè jan sante m vin pi mal akoz pèsekisyon an. Men, rive yon lè, manm fanmi m te rann yo kont [sitiyasyon sa a] pa fè sans, e [lefètke yo soutni m], sa ede m andire.”

Li te toujou zele malgre pèsekisyon li te jwenn. Men sa l di: “Mwen gen gwo lajwa nan kè m paske mwen pa gen okenn rezon pou m pè sa k ap rive m kounye a, ni sa pwofesi yo montre ki pral rive apre. Priyè m yo vin gen plis sans, yo pi long e mwen plis di sa k nan kè m.”

Nou konnen sè Ponomarenko ap kontinye jwenn lespri sen Jewova, e l ap kontinye pwofite benediksyon li genyen pou l “anba lonbray Toupisan an”. — Sòm 91:1.

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.