Al gade sa k anndan l

Sè Lyudmila Salikova.

31 JANVYE 2022
LARISI

Sè Lyudmila Salikova jwenn fòs ak rekonfò nan men Jewova

Sè Lyudmila Salikova jwenn fòs ak rekonfò nan men Jewova

Nan dat ki te 20 janvye 2022 a, tribinal rejyonal Tchelyabinsk nan vil Snejinsk kondane sè Lyudmila Salikova pou l pase sizan nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Li pa gen pou l al nan prizon pou kounye a.

Dat ak evènman ki te pase

  1. Novanm 2020

    Polisye ki nan Snejinsk te fouye kay kat fanmi Temwen Jewova, sa gen ladan l kay Lyudmila. Epitou, polisye yo te fouye kote li t ap travay la. Apre sa, yo te mande l kite travay li a.

  2. 26 out 2021

    Yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Lyudmila paske l ap òganize reyinyon pou yon òganizasyon relijye yo entèdi e paske l ap fè piblikasyon rantre.

  3. 8 desanm 2021

    Pwosè l la kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Frè ak sè nou yo nan peyi Larisi kontinye jwenn fòs ak rekonfò nan men Jewova. Bondye nou an ki gen lanmou ban nou asirans l ap “fè moun ki pa gen papa yo ak moun yo kraze yo jwenn jistis, yon fason pou moun sou tè a sispann fè yo pè”. — Sòm 10:18.