Al gade sa k anndan l

Sè Svetlana Monis ansanm ak mari l, Alam Aliyev.

3 FEVRIYE 2021
LARISI

Sè Svetlana Monis kenbe yon pwennvi pozitif malgre yo ka kondane l poutèt lafwa l

Sè Svetlana Monis kenbe yon pwennvi pozitif malgre yo ka kondane l poutèt lafwa l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif la, pwograme pou l fè konnen desizyon li pran nan ka sè Svetlana Monis nan dat 4 fevriye 2021 an a. Komisè gouvènman an poko di ki santans li ta vle yo ba sè Svetlana.

Enfòmasyon pèsonèl

Svetlana Monis

  • Dat ak kote li fèt: 1977 (Lesozavòdsk).

  • Byografi: Li gen yon maladi je ki kontinye ap vin pi grav. Li renmen aprann lang. Li te aprann chinwa, anglè ak alman. Li leve pitit gason l lan prèske poukont li. Li ouvri yon ti restoran chinwa pou l ka pran swen fanmi l.

    Li te kòmanse etidye Labib paske enjistis ki gen nan monn nan te ba l pwoblèm. Li te batize an 2005. An 2015, li te marye ak Alam Aliyev. Yo ouvri dosye kriminèl kont frè Aliyev tou.

Sa k te pase

Nan dat 26 septanm 2019, lyetnan D. Yankin, yon anketè wo grade nan Sèvis sekirite federal la (FSB), te ouvri yon dosye kriminèl kont sè Svetlana Monis. Tribinal la te entèdi sè Monis itilize machin li pandan prèske de mwa, alòske li bezwen machin nan pou ede grann li ki gen 91 an.

Premye ankèt la te fini an desanm 2019. Apre sa, otorite yo te transfere ka a bay tribinal distri Biwobidjan an.

Men sa sè Svetlana di lè l ap reflechi sou pèsekisyon sa a: “Mwen te rete byen kalm lè yo t ap fouye kay la. Se lè sa a pou premye fwa m te konprann pawòl Jezi te di yo: ‘Byennere moun ki jwenn pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki jis.’” — Matye 5:10.

Apre yo te fin fouye kay la, yo te arete frè Alam, mari sè Svetlana a, e yo te mete l nan yon prizon tanporè pou uit jou. Men sa sè Svetlana esplike: “Sa k te pi difisil pou mwen se te rive sispann enkyete m depase limit pou li. Mwen te enkyè paske pwoblèm do mari m genyen an te vin pi mal, li te oblije al pran swen nan yon lopital [...] yon semèn anvan yo te fouye kay nou an. M pa t gen okenn mwayen pou m kominike ak li, donk mwen pa t ka konnen si tout bagay te anfòm pou li. M te pale ak Jewova sou jan m santi m, m te di l mwen lage tout tètchaje m yo sou li e m konnen l ap byen pran swen Alam pou mwen.”

Sè Svetlana pa t janm doute Jewova avè l. Men sa l di: “Mwen te wè jan l soutni m. M te konprann se pa t moman pou m panike. [...] M te chèche pa konsantre sou tèt mwen. Olye de sa, m te reflechi sou fason m ka rete fidèl ak Jewova.”

Pou sè Svetlana ak frè Alam rive kenbe yon pwennvi pozitif, yo fè anpil efò pou yo gen yon lafwa ki solid. Sè Svetlana di: “Chak jou, mari m avè m li tèks pou jounen an e nou pale sou li, mete sou sa nou li yon chapit nan Bib la. Nou renmen konsantre nou sou vèsè ki ankouraje nou chèche rekonfò bò kote Jewova e ki ankouraje n konte sou li.” Tèks pou ane 2019 la, Ezayi 41:10, ki di “Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w”, fè Svetlana ak Alam sonje jan Jewova renmen yo. Svetlana di: “Nou te deside enprime vèsè sa a e nou te ankadre l.”

Andirans Svetlana demontre gen yon efè pozitif sou manm nan fanmi l ki pa Temwen yo. Svetlana di: “Mwen te rive bay manman m, ki te konn opoze avè m lontan, yon bèl temwayaj. Kounye a li gen anpil respè pou kwayans nou e li toujou ap di nou sa ki rive a fè l mal e li kontinye soutni nou.” Men sa l di ankò: “Grann mwen ki gen 91 an e ki òtodòks toujou demontre sousi pou nou e l fè n konnen jan sa ki rive a fè l mal. Li kòmanse montre li vrèman enterese nan Bib la.”

N ap kontinye priye pou Svetlana ak Alam. Nou konnen y ap rete pozitif toutpandan Jewova ap kontinye “fè kè yo rete fèm”. — Sòm 10:17.

a Dat la ka chanje.