Al gade sa k anndan l

Sè Viktoriya Verkhoturova.

18 OUT 2021
LARISI

Sè Viktoriya Verkhoturova kenbe lajwa l malgre yo lage akizasyon kriminèl sou do l

Sè Viktoriya Verkhoturova kenbe lajwa l malgre yo lage akizasyon kriminèl sou do l

Dat ak evènman ki te pase

  1. Nan dat ki te 29 novanm 2021, tribinal Nizni Novgowòd nan distri Priyokski te fè konnen sè Viktoriya Verkhoturova koupab e li te kondane l pou l pase katran nan prizon si yo arete l pou menm bagay yo ankò. Pou kounye a, li pa gen pou l al nan prizon.

  2. 17 jiyè 2020

    Yo te entèdi Viktoriya vwayaje al kote l vle.

  3. 26 mas 2020

    Yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Viktoriya.

  4. 17 jiyè 2019

    Polisye yo ak anketè a te fè senkèdtan ak fouye kay Viktoriya. Yo te mete l nan yon chanm, e yo te mete Sergey, mari l, nan yon lòt chanm. Polisye yo te eseye fè Viktoriya pè lè yo te esplike l vye kondisyon ki gen nan prizon an.

Enfòmasyon pèsonèl

Malgre pèsekisyon frè ak sè nou yo nan peyi Larisi jwenn, yo kenbe jwa yo grasa èd Jewova. Nou konnen l ap kontinye bay frè ak sè sa yo ki gen anpil valè pou li “jwa ak […] lapè”. — Women 15:13.