Al gade sa k anndan l

Anlè (soti agoch al adwat): Frè Nikolay Anufriyev; frè Eduard Merinkov ak Valentina, madanm li; frè Gennadiy Polyakevich; ak frè Aleksandr Prilepskiy.

Anba (soti agoch al adwat): Frè Viktor Shchannikov ak Viktoria, madanm li; frè Gennadiy Skutelets ansanm ak frè Aleksandr Vorontsov ak Yelena, madanm li.

20 JANVYE 2022
LARISI

Sèt frè nan Larisi jwenn fòs nan Kreyatè yo a

Sèt frè nan Larisi jwenn fòs nan Kreyatè yo a

Tribinal Repiblik Komi nan vil Pechora gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Nikolay Anufriyev, frè Eduard Merinkov, frè Gennadiy Polyakevich, frè Aleksandr Prilepskiy, frè Viktor Shchannikov, frè Gennadiy Skutelets ak frè Aleksandr Vorontsov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba yo.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 28 janvye 2020

    Otorite yo te fouye kay 12 fanmi Temwen Jewova nan Repiblik Komi. Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont frè Polyakevich ak frè Skutelets.

  2. 30 janvye 2020

    Yo voye Gennadiy Polyakevich nan prizon, e yo mande pou Gennadiy Skutelets al lakay li, men li pa ka kite kay li pou l al kote l vle.

  3. 20 me rive 25 me 2020

    Otorite yo poze lòt Temwen Jewova ki nan Pechora kesyon pou yo ka wè si yo dwe ouvri ankèt kriminèl kont yo. Apre yon anketè te fin fè yon frè menas, frè a te fè stwok. Frè a reprann li.

  4. 26 jen 2020

    Yo pwolonje kantite tan Gennadiy Polyakevich dwe fè nan prizon. Jij la di Gennadiy “fè espre li fè yon gwo krim” paske li pale “sou nesesite pou l kontinye sèvi Jewova menmsi otorite yo pèsekite l”.

  5. 24 out 2020

    Otorite yo fouye kay 12 lòt fanmi Temwen Jewova.

  6. 10 novanm 2020

    Yo ouvri yon ankèt kriminèl kont Aleksandr Prilepskiy, Aleksandr Vorontsov, Eduard, Nikolay ak Viktor. Yo te fè ka sa a fè yon sèl ak ka Gennadiy Polyakevich ak Gennadiy Skutelets.

  7. 25 novanm 2020

    Apre Gennadiy Polyakevich fin pase 300 jou nan prizon, yo te lage l e yo te voye l lakay li, men li pa t ka kite lakay li pou l al kote l vle.

  8. 27 janvye 2021

    Apre Gennadiy Skutelets fin pase 363 jou san li pa t ka kite lakay li pou l al kote l vle, yo te fè l konnen li lib pou l al kote l vle.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen konfyans Jewova ap rekonpanse frè nou yo pou lafwa yo gen nan bonte l, l ap beni yo ni kounye a ni alavni. — Sòm 27:13.