Al gade sa k anndan l

23 JEN 2020
LARISI

Tribinal la deside libere frè Dennis Christensen pi bonè

Tribinal la deside libere frè Dennis Christensen pi bonè

Nan dat 23 jen 2020 an, tribinal distri Lgovski a, ki nan zòn Kursk nan peyi Larisi, deside libere frè Dennis Christensen pi bonè. Sou demann komisè gouvènman an, jij la mande frè Christensen peye yon amann 400 000 woub (5 759 dola ameriken) pou rès tan li ta dwe fè nan prizon an. Desizyon sa a ap aplikab nan dis jou. Donk, apre sa, frè Christensen ap ka al lakay li pou l rejwenn madanm li, fanmi l ak frè ak sè l yo nan lafwa. Tout glwa a se pou Jewova!