Al gade sa k anndan l

12 FEVRIYE 2021
LARISI

Tribinal la kondane frè Igor Tsarev pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Tribinal la kondane frè Igor Tsarev pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Nan dat 29 avril 2021 an, tribinal Rejyon otonòm juif la kenbe desizyon premye tribinal la te pran kont frè Igor Tsarev pou yo kondane l pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Nan dat 12 fevriye 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, kondane frè Igor pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo.

Frè Igor te rete fèm e l te toujou gen yon etadespri pozitif pandan tout pwosè a. Men sa l te di nan dènye pawòl li te di nan tribinal la nan dat 11 fevriye 2021 an: “Mwen te reflechi anpil sou dènye pawòl m ap di nan tribinal sa a, e m te deside suiv konsèy apot Pòl te bay tout kretyen yo. Nan lèt li te ekri Kolosyen yo, li te di yo: ‘Montre nou gen rekonesans.’

“Se sa k fè, Onorab majistra, m ap di w mèsi dèske w te pèmèt pwosè a fèt nan kalm e w te ban nou atansyon w. [...] Men, mwen sitou di Jewova, Kreyatè nou an, Bondye nou an, mèsi dèske l te soutni m pandan tout jijman an. Li te ede m rete kalm e l te fè kè m anpè.” — Kolosyen 3:15.