Al gade sa k anndan l

28 JIYÈ 2020
LARISI

Tribinal la kondane frè Yevgeniy Spirin pou l peye plis pase 6 900 dola amann

Tribinal la kondane frè Yevgeniy Spirin pou l peye plis pase 6 900 dola amann

Madi 28 jiyè 2020, tribinal vil Fimanovski, nan rejyon Ivanovo, nan peyi Larisi, kondane frè Yevgeniy Spirin. Biwo komisè gouvènman an te mande pou yo ba li setan prizon. Men, tribinal la kondane l pito pou l peye yon amann 500 000 woub (6 920 dola ameriken). Frè Spirin ap fè apèl desizyon sa a.