Al gade sa k anndan l

12 ME 2021
LARISI

Tribinal la rejte apèl sè Svetlana Monis te fè a

Tribinal la rejte apèl sè Svetlana Monis te fè a

Nan dat 12 me 2021 an, tribinal nan Rejyon otonòm juif la rejte apèl sè Monis te fè a. Tribinal la aksepte demann komisè gouvènman an te fè a pito pou l chanje santans sè Svetlana a. Anvan sa, sè Svetlana te gen pou l peye yon amann 10 000 woub (135 dola ameriken), men kounye a yo ba l yon santans dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.