Al gade sa k anndan l

17 NOVANM 2020
LARISI

Tribinal la rejte apèl twa Temwen Jewova yo te fè a

Tribinal la rejte apèl twa Temwen Jewova yo te fè a

Nan dat 17 novanm 2020 an, tribinal rejyonal Kamchatka rejte apèl frè Konstantin Bazhenov, madanm li Snezhana, ak sè Vera Zolotova te fè a. Santans dezan prizon yo te ba yo k ap aplikab si yo arete yo pou menm bagay yo ankò ap antre an vigè. Yo pap gen pou y al nan prizon pou kounye a. Toule twa toujou djanm e yo gen kè kontan.

Nan fen jijman ki te fèt 25 septanm 2020 an, avèk kran, frè Bazhenov te di jij la li pa pè kondanasyon. Li te di tou se yon onè sa ye pou l patisipe nan reyalizasyon pwofesi ki nan Jan 15:20 an, kote Jezi te fè konnen disip li yo t ap jwenn pèsekisyon.

Frè Bazhenov te fè tribinal la sonje tou nan Matye 28:19, 20, Jezi te bay disip li yo lòd pou yo preche. Apre sa, frè Bazhenov poze gwo kesyon sa a: “Kiyès ki gen dwa anile oswa entèdi yon bagay Kris te bay lòd fè?” Epi li di: “Mwen pap ka rete an silans. [...] M ap kontinye bay bon nouvèl ki nan Bib la.”