Al gade sa k anndan l

Frè Nikolay Kuzichkin (agoch) ak frè Vyacheslav Popov (adwat).

18 DESANM 2020
LARISI

Tribinal peyi Larisi kondane frè Nikolay Kuzichkin ak frè Vyacheslav Popov

Tribinal peyi Larisi kondane frè Nikolay Kuzichkin ak frè Vyacheslav Popov

Desizyon

Nan dat ki te 18 desanm 2020 an, tribinal distri Khostinskiy nan Sotchi fè konnen frè Nikolay Kuzichkin ak frè Vyacheslav Popov koupab. Tribinal la kondane frè Nikolay pou l pase ennan ak yon mwa nan prizon, e li kondane frè Vyacheslav pou l pase dis mwa nan prizon. Men, kòm yo te deja pase yon pakèt tan nan prizon anvan yo jije yo, yo pap bezwen rete nan prizon pou kantite tan yo kondane yo a ankò. Vyacheslav, ki toujou nan prizon, ta dwe kite prizon an kou yo kòmanse aplike desizyon tribinal la pran an. Yo lage Nikolay, li pa nan yon kay polisye ap siveye ankò.

Enfòmasyon pèsonèl

Nikolay Kuzichkin

  • Dat li fèt: 1951 (Nan zòn Kostroma).

  • Byografi: Apre li te fini nan lekòl mizik, li te kòmanse karyè l kòm teknisyen ki akòde pyano. Li menm ak Olga, madanm li, te leve twa pitit gason. Epitou, li fò anpil nan elvaj myèl.

    Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan kòmansman ane 1990 yo. Lefètke li te wè pwofesi nan Bib la k ap akonpli, sa te pouse l vwe Jewova lavi l epi batize nan ane 1993.

Vyacheslav Popov

  • Dat li fèt: 1974 (Tòmsk).

  • Byografi: Depi l piti li konn fè travay atis. Li te aprann ki jan pou l dekore anndan kay. Li te rankontre Yuliya pandan yo te nan inivèsite. Yo te marye nan ane 1998, e yo gen yon pitit fi ak de pitit gason. Y ap viv Sotchi depi ane 2010. Fanmi an renmen monte ski epi mache bò lanmè.

    Yuliya te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo anvan. Vyacheslav te jwenn konsolasyon nan Bib la apre papa l fin mouri. Li te batize nan ane 2004.

Sa k te pase

Nan lannuit 10 oktòb 2019 la, yon gwoup ofisye nan sèvis sekrè a, zam alamen, e genyen ki te gen chen avèk yo, te fouye kay 36 Temwen Jewova nan Sotchi, nan peyi Larisi.

Ni jèn ni granmoun te oblije kouche atè pandan y ap fouye kay yo. Yo te sezi telefòn yo, tablèt, òdinatè, piblikasyon, kanè nòt e menm kat postal. Nan kèk ka, polisye yo te mete piblikasyon gouvènman an entèdi nan kay frè yo pou yo ka arete yo. Se sa k fè yo te arete frè Nikolay Kuzichkin ak frè Vyacheslav Popov, e yo te mete yo nan prizon nan demen annatandan yo jije yo.

Frè Kuzichkin gen gwo pwoblèm sante. Plizyè fwa, tribinal yo te rejte demann frè nou an te fè pou l jwenn swen sante. Yo te di pwoblèm sante li yo pa nan “lis maladi ki ka anpeche yon moun al nan prizon”. Yon bagay ki te vin fè pwoblèm sante frè nou an vin pi grav se paske kote yo te mete l la te gen twòp prizonye, e gen kèk ladan yo ki t ap fimen sigarèt.

Malgre lavi Nikolay te menase lefètke l t al nan prizon, men sa l di: “Lè yon moun fè yon radyografi, li ka konnen sa k ap pase nan kò l. Menm jan an tou, lè yon kretyen al nan prizon, sa ka ede l wè ki jan de moun li ye vre.” Nikolay pa t konsantre sou tèt li, okontrè yo konnen l kòm yon moun ki renmen fè lapè, ki janti, e k ap fè efò pou l ede prizonye ki menm kote avèk li yo ki fè depresyon e ki vle touye tèt yo.

Pandan sis fwa yo te pwolonje kantite tan Nikolay ap pase nan prizon, men nan dat 22 avril 2020 an, yo te voye l nan yon kay ki gen polisye k ap siveye l. Li te tèlman pa t bon, li pa t menm ka kanpe. Se lè Nikolay te nan kay sa a li te resi ka jwenn swen sante.

Yo te pwolonje kantite tan Vyacheslav ap fè nan prizon an pandan 14 fwa, sa ki te fè l separe ak fanmi l pandan plis pase yon ane.

Nou vle di Nikolay ak Vyacheslav mèsi pou bèl egzanp yo bay kòm moun ki gen lafwa, e pou detèminasyon yo pran pou yo soutni souvrènte Jewova. Yo aji menm jan ak moun ki te ekri Sòm 16:8 la ki di: “Mwen gen Jewova devan je m toutan. Piske li sou bò dwat mwen, mwen pap janm brannen.”