Al gade sa k anndan l

Sè Anna Lokhvitskaya ki deyò tribinal la nan mwa oktòb 2020.

25 FEVRIYE 2021
LARISI

Yo akize sè Anna Lokhvitskaya e yo akize mari l ak bèlmè l tou

Yo akize sè Anna Lokhvitskaya e yo akize mari l ak bèlmè l tou

MIZAJOU | Tribinal la kondane sè Anna Lokhvitskaya

Nan dat 20 jiyè 2021 an, Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif la, kondane sè Anna Lokhvitskaya pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif la, pral fè konnen anvan lontan desizyon li pran nan ka sè Anna Lokhvitskaya. a Komisè gouvènman an poko fè konnen ki santans li vle yo ba li.

Enfòmasyon pèsonèl

Anna Lokhvitskaya

  • Dat ak kote li fèt: 1993 (Biwobidjan).

  • Byografi: Se manman l ki leve l e ki te anseye l prensip ki nan Bib la. Li te batize an 2012. Li se yon bon koutiryè. Li marye ak Artur an 2018. Yo renmen fè lapèch, vwayaje e yo renmen jwe volebòl.

Sa k te pase

Nan dat 6 fevriye 2020 an, sè Anna te pami sis sè otorite nan Biwobidjan te akize kòmkwa y ap patisipe nan aktivite ekstremis. Yo lage yon total 19 akizasyon kont Temwen Jewova nan zòn nan, e Artur mari Anna ansanm ak manman Artur, sè Irina, pami moun sa yo tou.

Akizasyon sa yo lakòz jèn koup sa a gen anpil pwoblèm. Yo pa ka vwayaje, yo bloke kont yo gen labank, e yo limite aksè yo pou kèk sèvis piblik. Tout sa lakòz sè Anna vin about nan domèn emosyonèl e sa fè li oblije suiv yon tretman pafwa.

Lè fè konnen gen kèk bagay ki te ede l. Men sa l di: “Chante pwogram Tele JW yo ban m yon bon soulajman. Youn nan rezon yo se paske nonsèlman yo ede m detann mwen, men tou, yo ede m konsantre lespri m sou bagay ki pozitif.”

Anplis de sa, sè Anna fè konnen li menm ak Artur, mari l, eseye mete enterè lòt moun anvan enterè pa yo. “Nou bay tèt nou objektif pou n bay lòt moun kado chak mwa, menmsi se jis yon ti kado tou piti. Nou eseye panse ak lòt moun, nou pa jis ret ap panse ak pwoblèm pa nou.”

Pandan sè Anna ap tann desizyon tribinal la, li konsidere sitiyasyon l lan kòm yon ‘bèl opòtinite pou l fè aksyon ki demontre li fidèl ak Jewova’. — Sòm 18:25.

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.