Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Bondarchuk ak Elena, madanm li (agoch) ak frè Sergey Yavushkin ak Tatiana, madanm li (adwat).

2 AVRIL 2021
LARISI

Yo ka kondane frè Aleksandr Bondarchuk ak frè Sergey Yavushkin apre yo fin pase yon pakèt tan lakay yo san yo pa ka soti al kote yo vle

Yo ka kondane frè Aleksandr Bondarchuk ak frè Sergey Yavushkin apre yo fin pase yon pakèt tan lakay yo san yo pa ka soti al kote yo vle

MIZAJOU | Tribinal la kondane frè Aleksandr Bondarchuk ak frè Sergey Yavushkin

Nan dat 22 jen 2021 an, tribinal distri Zavodski nan Kemerovo kondane frè Aleksandr Bondarchuk ak frè Sergey Yavushkin pou katran prizon k ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo. Yo pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Zavodski nan Kemerovo gen pou fè konnen desizyon li pran nan ki konsène frè Aleksandr Bondarchuk ak frè Sergey Yavushkin. a

Enfòmasyon pèsonèl

Aleksandr Bondarchuk

  • Dat ak kote li fèt: 1974 (Topki, nan zòn Kemerovo).

  • Byografi: Li te gen 19 an lè papa l mouri. Li te aprann fason pou l kondui gwo machin yo itilize nan konstriksyon. Annapre, li te vin yon bòs ebenis. Kounye a, li ranje bagay yo itilize pou fonn metal nan endistri yo. Li renmen fè lapèch, fè ski, monte bekàn, e l renmen kouri.

  • Li te marye ak Elena nan ane 1992. Se li menm an premye nan fanmi l ki te etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Maryaj yo pa t kraze paske yo te suiv prensip ki nan Bib la. Yo gen de pitit gason.

Sergey Yavushkin

  • Dat ak kote li fèt: 1960 (Roubtsovsk, tèritwa Altayi).

  • Byografi: Li te travay pandan plizyè dizèn ane kòm elektrisyen ak bòs soudi. Pou kounye a, l ap travay kòm moun ki fè kle. Lè l te jèn, li te renmen jwe gita e pratike plizyè kalite spò.

  • Li te marye ak Tatiana an 1990. Yon ti tan apre, yo te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Sa k te sitou enpresyone yo se jan Bib la itil malgre li la depi lontan. Yo gen yon pitit gason ak yon pitit fi.

Sa k te pase

Nan dat ki te 22 jiyè 2019 la, a 6 è nan maten, polisye yo te fouye apatman frè Aleksandr Bondarchuk ak frè Sergey Yavushkin yon dezyèm fwa. Men fwa sa a, yo te arete frè yo epi poze madanm yo kesyon. Polisye yo te sezi aparèy elektwonik yo genyen.

Yo te kenbe Aleksandr ak Sergey nan prizon pou de jou. Apre sa, tribinal distri santral Kemerovo te mande pou yo fè de mwa lakay yo san yo pa ka deplase al kote yo vle. Men, an sis fwa, yo te pwolonje kantite tan an.

Pandan tan sa a, de frè yo pa t ka deplase nan yon distans ki pi lwen pase 300 mèt parapò ak lakay yo. Donk, yo pa t ka travay. Men, anvan yo te ouvri ankèt kriminèl kont toule de frè yo, moun nan kominote a te respekte frè yo e frè yo te gen bon repitasyon nan je patwon kote yo t ap travay la. Se sa k fè, patwon frè yo te mande moun k ap fè ankèt sou frè yo pou yo fè yon eksepsyon pou pèmèt frè yo vwayaje san pwoblèm. Yo te rejte demann patwon yo te fè a.

Aleksandr ak fanmi l te wè jan Jewova te ede yo plizyè fwa. Kòm li pa ka travay e yo pa kite l gen aksè ak kont li gen labank, li vin gen gwo pwoblèm ekonomik. Epoutan, li di: “Akoz eprèv sa a, mwen te aprann pou m konte plis sou Jewova e pou m fè l plis konfyans. Sanble petèt mwen pa t janm wè men Jewova souvan konsa, men kounye a se toutan mwen wè jan Jewova ap ede m, wi chak minit nan jounen an. Li pa janm kite mwen menm ak fanmi m san li pa ede nou e fè nou santi li renmen nou.”

Ankèt kriminèl yo ouvri kont Sergey te lakòz li gen gwo strès. Se sa k fè, li te fè yon stwok. Malgre eta sante l, li rete pozitif. Li di: “Li bon pou nou pa pran pwoblèm nou jwenn pou yon ti tan yo pou yon pakèt afè, byenke sa ka pa toujou fasil pou nou andire tout sa ki rive nou.”

Sergey jwenn fòs nan 1 Korentyen 15:58, kote li di “anrapò ak Seyè a, nou konnen nou pap travay pou granmesi”. Sergey di: “Jewova sonje tout bagay, e li pap janm bliye bon travay nou fè.”

N ap priye pou frè ak sè nou yo nan peyi Larisi ki gen plizyè ane depi y ap andire avèk pasyans. Nou swete yo jwenn rekonfò ak fòs nan Pawòl Bondye a ki di: “Jewova pran plezi nan moun ki gen lakrentif pou li yo, nan moun k ap tann pou l demontre lanmou fidèl li genyen an.” — Sòm 147:11.

a Yo pa toujou di alavans ki lè y ap fè konnen desizyon yo pran.