Al gade sa k anndan l

Frè Artur Lokhvitskiy ak madanm li, Anna.

26 JANVYE 2021
LARISI

Yo ka kondane frè Artur Lokhvitskiy pou katran prizon

Yo ka kondane frè Artur Lokhvitskiy pou katran prizon

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, pwograme pou l fè konnen desizyon li pran nan ka frè Artur Lokhvitskiy nan dat 2 fevriye 2021 a. Yo ka kondane l pou katran prizon.

Enfòmasyon pèsonèl

Artur Lokhvitskiy

  • Dat ak kote li fèt: 1986 (Bèlgowodskoye, Rejyon otonòm juif).

  • Byografi: Papa Artur mouri lè Artur te gen setan. Artur se yon elektrisyen e li se yon espesyalis nan pwoteksyon kont dife. Li te resevwa plizyè rekonpans poutèt li se moun ki travay di.

    Lè Artur te jèn, manman l te ede l renmen Jewova. Artur te batize antanke Temwen Jewova an 1998, lè sa a li te gen 11 an. Li te marye ak Anna an 2018. Yo renmen vwayaje e yo renmen pase tan deyò.

Sa k te pase

An me 2018, twa mwa apre Artur ak Anna te marye, lapolis te fouye kay yo. Se te yon operasyon fouy ki te rele “Jou jijman an”, kote 150 ofisye te fouye omwen nèf kay Temwen Jewova. Yo te fouye kay manman Artur tou. Manman l rele Irina. Nan dat 31 jiyè 2019, ofisye Sèvis sekirite federal la (FSB) nan Biwobidjan te ouvri yon dosye kriminèl kont Artur kòmkwa l ap patisipe nan aktivite ekstremis. Yo akize Anna ak Irina tou, men, dosye pa yo a apa.

Akizasyon kriminèl yo lage sou do fanmi an lakòz yo gen gwo pwoblèm nan domèn ekonomik. Otorite yo pa pèmèt Artur gen aksè ak kont an bank li. Mete sou sa, patwon l di l l ap revoke l.

Akoz ankèt kriminèl y ap fè sou fanmi an, yo pa ka mennen yon lavi ki nòmal. Artur di: “Fason nou viv chanje nèt. Li vin difisil pou n planifye semèn nou (oswa menm jounen nou). [Lapolis] ka annik rele nou nenpòt lè yo vle. Kidonk, li vin nesesè pou n toujou ap chanje planifikasyon nou te fè.”

Artur ak Anna rekonesan anpil pou jan frè ak sè yo ede yo. Artur di: “Frè ak sè yo ankouraje nou anpil anpil e yo ede nou rete kalm epi pwòch ak Jewova. [...] Nou pa gen mo pou n di jan nou kontan fè pati pèp Jewova a e jan n apresye privilèj nou genyen pou n defann non Jewova nan jijman sa yo! Sa klè, Jewova pa lage moun ki pou li yo!”

Fanmi Lokhvitskiy jwenn fòs ak kouraj lefètke yo kenbe yon bon pwogram espirityèl. Men, sa pa t toujou fasil. Artur sonje, tousuit apre operasyon fouy “Jou jijman an”, “nou pa t gen ni Bib ni piblikasyon nou yo”. Okòmansman sa te bay Artur pwoblèm. Li te mande tèt li ki jan li menm ak fanmi l ap ka kontinye kenbe yon bon pwogram espirityèl. Men, rapidman li te sonje yon verite de baz: “[Sèvis sekirite federal la] pa ka anpeche nou priye. Nou te kòmanse priye lapoula. Se sitou lapriyè ki te ede nou.”

Jewova te reponn priyè yo te fè yo rapidman e li te fè yo jwenn sa yo te bezwen pou yo kenbe yon bon pwogram espirityèl. Artur di: “Nou te fè tout sa nou kapab pou nou toujou fè adorasyon an fanmi nou, pou n prepare reyinyon e pou n li Labib an fanmi. Sa te ede n vin pi pwòch youn lòt epi kenbe yon pwennvi ki pozitif, men tou li te ede n wè jan Jewova ap ede n.”

Anplis de li Labib epi etidye l, yo te jwenn byenfè tou dèske yo te medite sou benediksyon k ap tann nou yo. Artur di: “Nou te kòmanse reflechi anpil sou esperans nou genyen konsènan lavni an, nou te imajine tèt nou nan monn nouvo a.” Men sa l di ankò: “Nou vle patisipe nan netwaye tè a e nan gwo pwogram konstriksyon ki pral genyen an. Sa ban nou fòs e sa motive nou.”

Annatandan jou sa a rive, Artur ak Anna kontinye reflechi sou Ebre 13:6, ki di: “Se Jewova ki èd mwen, mwen pap pè. Ki sa lòm ka fè m?” Artur di: “Se vre otorite yo ka retire nan libète nou, yo ka anpeche n asiste reyinyon oswa rankontre frè n ak sè n yo, men yon bagay ki klè sèke yo pa ka pran sa nou genyen ki pi enpòtan yo, anpalan de relasyon nou ak Jewova, lapriyè ak esperans nou genyen pou lavni an. Se yon bagay nou vle toujou sonje.”

a Dat la ka chanje.