Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Sergey Britvin ak frè Vadim Levchuk nan yon selil nan tribinal la.

20 OUT 2020
LARISI

Yo ka kondane frè Britvin ak Levchuk pou sizan edmi prizon

Yo ka kondane frè Britvin ak Levchuk pou sizan edmi prizon

Santans yo mande pou yo ba li

Sizan edmi prizon.

Enfòmasyon pèsonèl

Sergey Britvin

  • Dat li fèt: 1965 (rejyon Kemerovo)

  • Byografi: Li te travay kòm chofè traktè ak kamyon. Li te pran retrèt li bonè akoz pwoblèm sante. Li renmen spò.

  • Li marye ak Natalya an 1992 e l te kòmanse etidye Labib an 1995, apre l te fin aprann pwomès Bondye fè konsènan rezirèksyon an. Plizyè ane apre, Natalya te deside etidye Labib tou lè l te wè tout bèl chanjman lafwa Sergey te pouse l fè nan lavi l.

Vadim Levchuk

  • Dat li fèt: 1972 (rejyon Kemerovo)

  • Byografi: Li te leve nan yon fanmi ki pa t nan koze relijyon. Li te travay nan min pandan 14 an.

  • Li te kòmanse etidye Labib an 1992 e l te marye ak Tatiana an 1997. Li gen de pitit gason. Tout fanmi an gen respè pou Labib. Yo renmen spò e yo renmen fè anpil aktivite deyò.

Sa k te pase

Nan dat 22 jiyè 2018, yon seri ajan Sèvis sekirite federal te fouye uit kay frè ak sè nou nan vil Berezovsky. Nan okazyon sa a, yo te arete frè Britvin ak frè Levchuk epi yo pase yo yon entèwogatwa. Apre sa, tribinal santral distri Kemerovo a te mande pou yo mete toude frè yo nan detansyon prevantif. Yo te rete nan prizon pandan prèske ennan edmi. Nan dat 25 desanm 2019 la, yo te transfere yo sot nan prizon an al lakay yo kote yo kenbe yo prizonye pou jis kounye a.

Frè Britvin ak frè Levchuk se de pami senk frè nan rejyon Kemerovo yo akize kòm kriminèl akoz lafwa yo. N ap priye pou tout frè ak sè nou yo ki nan prizon nan Larisi. Jan Ebre 13:3 raple nou sa: “Sonje moun ki nan prizon yo, tankou nou te nan prizon ansanm avèk yo, e sonje moun y ap maltrete yo, etandone nou menm tou nou nan kò lachè a.”

^ § 3 Dat la ka chanje.