Al gade sa k anndan l

Frè Ruslan Alyev ak Kristina, madanm li, ki devan tribinal la nan dat 16 septanm 2020.

16 DESANM 2020
LARISI

Yo ka kondane frè Ruslan Alyev apre li fin pase 18 mwa nan kay ki gen polisye k ap siveye l

Yo ka kondane frè Ruslan Alyev apre li fin pase 18 mwa nan kay ki gen polisye k ap siveye l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Leninski nan Rostov-on-Don pwograme pou l fè konnen desizyon li pran nan ka frè Ruslan Alyev nan dat 17 desanm 2020 * an. Komisè gouvènman an mande tribinal la pou l kondane frè Ruslan pou l pase twazan nan prizon nan yon kay ki gen polisye k ap siveye l.

Enfòmasyon pèsonèl

Ruslan Alyev

  • Dat li fèt: 1987 (Chounoya, nan tèritwa Krasnoyask).

  • Byografi: Fanmi l te konn demenaje souvan. Li te viv Azèbayidjan ak Ikrèn. Li te travay nan konstriksyon e li te konn ede moun vann sa yo genyen. Li te konn aprann moun jwe gita, e li te konn anseye anglè ak chinwa. Li renmen fè espò e li konn ekri pwezi ak mizik tou. Li pale kat lang. Kristina, madanm li, pale chinwa tou.

    Li te kòmanse etidye Labib lè l te gen 13 an. Tank li t ap etidye Labib, se tank li te vin wè Bib la gen repons pou tout kesyon Ii te genyen sou lavi. Se sa k fè li te vwe Jewova lavi l e li te batize nan ane 2006.

Sa k te pase

Nan dat ki te 6 jen 2019 la, yo te ouvri yon ankèt sou frè Ruslan Alyev, sa ki te fè yo arete l nan dat 10 jen 2019 e yo te kenbe l nan prizon. Apre Ruslan ak yon lòt frè ki rele Semyon Baybak te fin pase 24 èdtan nan prizon, yo te mete yo nan yon kay ki gen polisye k ap siveye l. Okòmansman, Ruslan te gen pou l pase uit semèn nan kay sa a, men pandan nèf fwa, yo te pwolonje tan li te sipoze pase a. Se sa k fè, li te vin pase 18 mwa nan kay ki gen polisye k ap siveye l. Nan kay sa a, se sèlman ak avoka l, moun k ap mennen ankèt la, enspektè a ak madanm li li te ka pale. Li pa t gendwa sèvi ak Entènèt e li pa t gendwa voye oswa resevwa ni lèt ni mesaj tèks.

Ruslan di anvan yo te arete l, souvan, li menm ak Kristina, madanm li, te konn ap di gen yon lè y ap pèsekite yo kanmenm. Li di: “Nou te fè efò pou n toujou etidye Bib la, asiste reyinyon e priye regilyèman. Kòm nou te konn li liv Aktivite Temwen Jewova yo ak istwa lavi kèk frè ak sè, nou te byen konprann sa k ka rive lè yo pèsekite nou. Nou te remake menm nan sitiyasyon ki te pi difisil yo, yo te jwenn yon fason pou yo kenbe jwa yo e pou yo pa dekouraje.” Men sa Ruslan di ankò: “Nou te mande Jewova fòs pou nou andire kèlkeswa sa k ta rive alavni.”

Mete sou sa, kòm Ruslan te pale ak lòt moun konsènan pèsekisyon yo ka jwenn, sa te ede l anpil. Men sa l di: “Mwen te fè rechèch pou m jwenn yon seri bèl panse nan Bib la ak yon seri atik ankourajan pou ede anpil pwoklamatè nan kongregasyon an rete kalm e pou ankouraje yo. Donk, se menm vèsè ak atik mwen te chèche yo ki te konsole m lè m te bezwen sa.”

Lefètke Ruslan ak Kristina te prepare yo pou pèsekisyon, sa te ede yo. Men sa Ruslan di konsènan lè yo t ap fouye kay li a: “Mwen te santi m kalm e mwen pa t vrèman panike.” Te gen yon lè, moun ki t ap mennen ankèt la te di li vle lage akizasyon sou do Kristina tou. Men sa Ruslan di: “Kristina, madanm mwen renmen anpil la, pa t pè pou yo lage akizasyon sou do l tou. Sa te ankouraje m anpil e sa te ban m fòs.”

Kòm Ruslan nan yon kay ki gen polis k ap siveye l, bagay yo pa fasil pou li ak madanm li. Epoutan, Ruslan di: “Jewova toujou ban nou sa nou bezwen pou nou rete an vi, pou nou rete pwòch ak li e pou nou rete kalm, e se sa menm mwen te vle. Sa deja fè anpil ane depi nou aprann konte sou li e nou aprann mennen yon vi ki senp. Donk, nou pa twò enkyete nou.”

Yonfwa, pandan yo t ap koute Ruslan nan tribinal la pou yo ka pwolonje tan l ap pase nan kay ki gen polisye k ap siveye l la, yo pa t kite frè ak sè yo rantre kote yo t ap fè jijman an. Men, yo te rete deyò e yo te ba t bravo lè l t ap soti. Yo t ap di: “Ruslan, nou avè w!”

Se pa ti rekonesan nou rekonesan pou bèl egzanp frè ak sè nou yo bay nan peyi Larisi! Byenke y ap pèsekite yo san yo pa fè anyen ki mal, yo kontinye montre yo mete tout konfyans yo nan Jewova. — Sòm 118:6-9.

^ § 3 Dat la ka chanje.