Al gade sa k anndan l

Soti anlè agoch, vire desann: Frè Andrey Tabakov, frè Mikhail Zelenskiy, frè ak sè Mysin, frè Aleksandr Ganin ak frè Khoren Khachikyan.

2 OKTÒB 2020
LARISI

Yo ka kondane kat frè ak yon koup marye pou yo pase jiska setan nan prizon nan peyi Larisi

Yo ka kondane kat frè ak yon koup marye pou yo pase jiska setan nan prizon nan peyi Larisi

Desizyon

Tribinal distri Zasviyajski nan vil Oulyanòvsk pwograme pou yo fè konnen desizyon yo pran nan ka frè Aleksandr Ganin, Khoren Khachikyan, Andrey Tabakov ak Mikhail Zelenskiy, ansanm ak frè Sergey Mysin ak madanm li, Nataliya, nan dat 5 oktòb 2020 an *. Yo ka kondane yo pou y al nan prizon, yo ka pase ant twa a setan nan prizon. Epitou, komisè a mande pou yo sezi lajan yo genyen ak machin yo, antou ki ka bay anviwon 1,57 milyon woub (20 000 dola ameriken).

Enfòmasyon pèsonèl

Aleksandr Ganin

  • Dat li fèt: 1957 (Ekabi, sou zile Sakalin).

  • Byografi: Li gen plis pase 20 an depi l batize kòm Temwen Jewova. Li se yon moun ki pran retrèt e ki renmen fè jaden.

Khoren Khachikyan

  • Dat li fèt: 1985 (Erevan, Ameni).

  • Byografi: Li diplome nan ekonomi. Lè l te pi jèn, li te konn patisipe nan konpetisyon kote moun ap goumen. Kounye a, yo konnen l kòm yon moun ki janti e ki dou.

  • Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo paske li te vle konnen Bondye pi byen e paske li te vle suiv kòmandman l yo. Li renmen Bib la paske li lojik e li pa gen kontradiksyon ladan l.

Sergey Mysin

  • Dat li fèt: 1965 (Koulebaki, nan zòn Nijni Novgorod).

  • Byografi: Pandan li t ap etidye pou l vin yon enjenyè, li te rankontre ak Nataliya, ki te vin madanm li annapre. Yo te marye an 1991. Sa fè plis pase 20 an depi y ap sèvi Jewova ansanm. Yo gen de pitit ki fin gran. Li renmen espò, sitou jwèt ki rele lakwòs la.

Nataliya Mysina

  • Dat li fèt: 1971 (Leningrad, kounye a yo konnen l sou non Senpetèsbou).

  • Byografi: Li fèt nan yon fanmi militè. Li te viv ann Almay anvan li te gradye nan inivèsite kòm famasyen. Li renmen kuizin ak patisri.

Andrey Tabakov

  • Dat li fèt: 1973 (Minsk, Belaris).

  • Byografi: Li travay nan enfòmatik. Li te marye ak Marina nan ane 2006. Yo te etidye Labib ak Temwen Jewova yo e yo te batize. Li renmen travay ak aparèy elektwonik, sitou radyo ak òdinatè.

Mikhail Zelenskiy

  • Dat li fèt: 1960 (Boulayesti, Mòldavi).

  • Byografi: Li te yon maren e li te chofè. Li te marye ak Victoria nan ane 1989. Nan kòmansman ane 1990 yo, yo te kòmanse etidye Labib. Lanmou yo te gen pou Jewova te pouse yo batize.

Sa k te pase

Sa gen anviwon twazan Sèvis sekirite federal Larisi (FSB) te kòmanse ap veye tout ti sa frè ak sè nou yo ap fè nan vil Oulyanòvsk. Pa egzanp, FSB a te kòmanse anrejistre konvèsasyon frè ak sè nou yo fè nan telefòn. Nan dat ki te 24 fevriye 2019 la, FSB a te ouvri yon ankèt sou frè ak sè Mysin ak sou frè Khachikyan, frè Tabakov ak frè Zelenskiy.

Twa jou apre, a 5 è nan maten, lapolis te debake lakay frè Khachikyan, frè Tabakov ak frè Zelenskiy. Yo te arete toule twa frè yo e yo te kenbe yo nan prizon pou yon ti tan. Nan menm maten sa a, sè Mysina te resevwa yon apèl nan telefòn. Moun nan te di sè Mysina machin li an kraze, e li menm ak Sergey, mari l, ap bezwen soti deyò kote l la. Frè Mysin annik ouvè pòt la, ofisye FSB yo fonse nan kay la. Yo fouye kay la epi yo sezi aparèy elektwonik fanmi an te genyen. Epi, yo arete frè a ak sè a.

Nan demen, tribinal distri Leninski nan vil Oulyanòvsk te fè mete frè Mysin nan prizon. Sè Mysina ak twa lòt frè yo te nan prizon lakay yo.

Antou, frè Mysin te pase 55 jou nan prizon ak 123 jou lakay li, sou siveyans polisye. Sè Mysina, frè Khachikyan, frè Tabakov ak frè Zelenskiy te pase ant 50 ak 55 jou nan prizon lakay yo.

Nou jou ki te 15 me 2019 la, nan maten, ofisye FSB yo te fouye kay frè Ganin e yo te arete l. Li te pase de jou yon kote yo kenbe moun nan prizon pou yon ti tan.

Toule sis pwoklamatè sa yo anba restriksyon gouvènman an mete sou kèk nan aktivite yo. Otorite yo kontinye pèsekite yo lòt fason toujou. Otorite lokal yo te bloke kont frè ak sè Mysin ak kont frè Tabakov. Kantite kòb frè ak sè Mysin gen labank prèske rive 500 000 woub (6 313 dola ameriken), e frè Tabakov li menm gen prèske 600 000 woub (7 575 dola ameriken) labank.

Pandan yo kontinye ap pèsekite frè ak sè nou yo pou lafwa yo, n ap priye pou pawòl ki apre yo kontinye ba yo fòs: “Bondye se refij nou e li se fòs nou, nou ka jwenn èd li byen fasil nan moman difisil yo.” — Sòm 46:1.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Dat la ka chanje.