Al gade sa k anndan l

Sot agoch al adwat: Frè Alam Aliyev, frè Valeriy Kriger, frè Sergey Shulyarenko ak frè Dmitriy Zagulin.

18 MAS 2021
LARISI

Yo ka kondane kat frè nan Biwobidjan pou al nan prizon

Yo ka kondane kat frè nan Biwobidjan pou al nan prizon

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan an, nan Rejyon otonòm juif la, ap fè konnen nan pa twò lontan desizyon li pran nan ka ki konsène frè Alam Aliyev, frè Valeriy Kriger, frè Sergey Shulyarenko ak frè Dmitriy Zagulin. a

Enfòmasyon pèsonèl

Alam Aliyev

  • Dat ak kote li fèt: 1963 (Vilaj Lyaki, Azèbayidjan).

  • Byografi: Li te sèvi nan lame Inyon sovyetik la ann Almay. Apre sa, li te travay sou yon bato lapèch. Li t al viv Kabawòvsk, nan Larisi, an 1989. Pou kounye a li travay kòm operatè machin.

    Li te kòmanse etidye Labib yon ti tan apre l te rive Larisi. Li te batize an 1991. Li marye ak Svetlana an 2015. Yo renmen pase tan ansanm deyò nan lanati.

Valeriy Kriger

  • Dat ak kote li fèt: 1968 (Rejyon otonòm juif).

  • Byografi: Li leve nan yon fanmi ki pa t nan zafè relijyon. Lè l te timoun, li te renmen jimnastik. Se metye bay masaj li te etidye e se sa li pratike pou kounye a nan pwòp lokal pa l. Li te batize an 1994. Li marye ak Natalya an 2017. Yo renmen jwe volebòl e yo renmen pase tan ansanm deyò nan lanati.

Sergey Shulyarenko

  • Dat ak kote li fèt: 1984 (Kabawòvsk).

  • Byografi: Lè l te piti, li te viv Tikmenistan paske papa l t ap sèvi nan lame nan peyi sa a. Li te vin asistan operatè machin. Li renmen fè desen moun e l renmen aprann lòt lang. Se manman l ki te ede l konn Jewova. Li te batize an 1997, lè sa a li te gen 13 an.

Dmitriy Zagulin

  • Dat ak kote li fèt: 1973 (Kabawòvsk)

  • Byografi: Lè l te timoun, li te vle vin sòlda. Li te aprann karate e l te jwenn fòmasyon kòm parachitis. Kounye a, l ap travay ak yon konpayi ki jere ray tren. Li te kòmanse etidye Labib an 1991. Li te batize an 1992. Li te marye ak Tatyana an 2012.

Sa k te pase

Nan dat ki te 17 me 2018 la, 150 ofisye nan Biwobidjan te patisipe nan yon operasyon yo te rele “Jou jijman an”. Yo te akize frè Alam Aliyev kòm moun “k ap òganize aktivite pou yon òganizasyon ekstremis” e yo te kenbe l nan detansyon pwovizwa pandan uit jou. Yo te lage menm akizasyon an tou sou do frè Valeriy Kriger, frè Sergey Shulyarenko ak frè Dmitriy Zagulin. Yo entèdi toule kat frè yo deplase kite zòn nan. Mete sou sa, yo akize madanm twa frè ki marye yo: Alam, Valeriy ak Dmitriy. Sa ki ajoute sou strès frè sa yo.

Anvan yo te arete Alam, li te fè yon rechèch sou sijè pèsekisyon. Li te pataje sa l te aprann yo ak lòt moun nan kongregasyon an. Li di: “M te ankouraje frè ak sè yo pou yo pa kite laperèz pote yo ale lè yo devan pèsekisyon. E rapèl sa yo te vin nan bon moman, paske yon semèn apre sa, polisye te vin fouye kay 21 fanmi nan kongregasyon nou an.”

Valeriy ak madanm li, Natalya, pa l kapab asiste yon kongrè Temwen Jewova yo t ap fè Sewoul, nan Kore disid, akoz yo entèdi l vwayaje. Mete sou sa, yo pa t menm pèmèt li vizite paran l yo k ap viv ann Izrayèl. Malerezman, papa l mouri nan mwa fevriye 2019 la. E kèk mwa anvan sa, manman l te fè yon operasyon nan kolòn vètebral, sa ki te mande pou l toujou gen moun avè l pou pran swen l. Valeriy gen konviksyon Jehovah te soutni yo. Byenke paran l yo pa pataje kwayans li, se frè ak sè Temwen ki ann Izrayèl yo ki te ede nan pran swen manman l. Men sa l esplike: “Nou te priye Jewova konsènan sitiyasyon manman m lan, e Jewova te reponn priyè nou yo. Frè ak sè Temwen ann Izrayèl yo te soutni manman m nan domèn afektif. Yo te vizite l, yo te pale avè l, e yo te envite l nan reyinyon. Byenke nou pa t ka ansanm ak manman m, nou te wè men Jewova; jan li ka aji pa mwayen fanmi entènasyonal nou genyen an.”

Dmitriy li menm panse pèsekisyon an ranfòse yon bagay li te deja konnen. Li di: “Lè tout bagay ap mache byen nan lavi nou e pa gen restriksyon sou sèvis n ap bay Bondye a, li ka fasil pou n pa bay trezò espirityèl nou yo tout valè nou ta dwe ba yo e nou ka menm neglije yo. Men, lè otorite yo anpeche nou adore Bondye lib e libè, nou vin konprann tout enpòtans sa genyen pou n byen itilize sa n genyen kounye a e pou n prepare n pou pèsekisyon nou ka jwenn. Donk, li vrèman saj pou n sèvi ak libète n gen jodi a pou n ‘anpile trezò nan syèl la’. Sa ap ede n andire jiska lafen e sa ap ede n kenbe lafwa nou djanm.” — Matye 6:20.

Pa gen dout nan sa, Jewova ap bay frè ak sè nou yo nan peyi Larisi “yon pisans ki depase yon pisans nòmal” pou yo ka andire. — 2 Korentyen 4:7.

a Yo pa toujou fè konnen alavans ki lè y ap bay desizyon yo.