Al gade sa k anndan l

Sè Nataliya Kriger ak Valeriy, madanm li.

25 FEVRIYE 2021
LARISI

Yo ka kondane sè Nataliya Kriger apre otorite yo te fin arete l nan fouy ki pote non “Jou jijman” an

Yo ka kondane sè Nataliya Kriger apre otorite yo te fin arete l nan fouy ki pote non “Jou jijman” an

MIZAJOU | Tribinal la kondane sè Nataliya Kriger

Nan dat ki te 30 jiyè 2021 an, Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, kondane sè Nataliya Kriger. Tribinal la kondane l pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène sè Nataliya Kriger. Komisè gouvènman an poko fè konnen ki santans li ta renmen yo bay sè nou an.

Enfòmasyon pèsonèl

Nataliya Kriger

  • Dat ak kote li fèt: 1978 (Kabawòvsk).

  • Byografi: Manman Nataliya mouri pandan li te timoun. Li te viv nan yon òfelina. Lè l te gen sizan, li te vwayaje 400 kilomèt pou l al viv Amizèt. Li te viv ak granmè li, matant li ak kouzen li, yo tout Temwen Jewova. Li te travay kòm moun k ap pran swen moun ki aje.

  • Li te batize antanke Temwen Jewova nan ane 1999. Li te marye ak Valeriy nan ane 2017. Li renmen danse, al mache nan mòn e li renmen fè espò ki rele raftin nan.

Sa k te pase

Otorite nan peyi Larisi yo te fouye kay fanmi Kriger nan mwa me 2018. Fouy sa a te fè pati yon operasyon otorite nan gouvènman an rele “Jou jijman”. Apre sa, komisè zòn nan te ouvri yon ankèt kriminèl kont Valeriy. Nan dat ki te 6 fevriye 2020 an, otorite yo te ouvri yon ankèt kriminèl kont Nataliya. Li te pami sis sè yo te lage akizasyon sou do yo jou sa a.

Anplis ankèt kriminèl yo ouvri kont Nataliya, li te fè fas ak lanmò granmè l nan mwa fevriye 2020. Li te pran swen granmè l pandan sizan.

Sa ki te ede Nataliya andire eprèv sa yo se relasyon solid li gen ak Jewova. Men sa l esplike: “Lefètke m priye pou lòt moun, sa ede m pa konsantre sou pwoblèm mwen. Eprèv sa a fè Jewova vin pi pre m toujou e pi reyèl pou mwen. Mwen wè li reponn priyè m e li soutni m.”

Byen souvan, Nataliya reflechi sou pakèt rezon li genyen ki fè li kwè Jewova ap kontinye ede l. Li di: “Pawòl ki nan Sòm 94:19 yo vrèman ban m fòs, kote li di: ‘Ou te konsole m, ou te soulaje m.’ Gen anpil egzanp nou jwenn nan epòk nou an ak nan tan lontan ki montre sèvite Bondye yo te andire pèsekisyon yo avèk kouraj. Lèfètke m medite sou egzanp sa yo, sa ban m plis fòs.”