Al gade sa k anndan l

Sè Yelena Reyno-Chernyshova.

28 JANVYE 2021
LARISI

Yo ka kondane sè Yelena Reyno-Chernyshova poutèt lafwa l

Yo ka kondane sè Yelena Reyno-Chernyshova poutèt lafwa l

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, pwograme pou l fè konnen desizyon li pran nan ka sè Yelena Reyno-Chernyshova nan dat 29 janvye 2021 a. Komisè gouvènman an poko di ki santans li ta vle yo bay sè Yelena.

Enfòmasyon pèsonèl

Yelena Reyno-Chernyshova

  • Dat ak kote li fèt: 1968 (Maloy, nan rejyon Ikousk).

  • Byografi: Li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo nan ane 1990 yo. Sa te pouse l kite lame e l te fè efò pou l amelyore maryaj li. Li te batize an 1998.

  • Byenke mari l pa Temwen Jewova, li soutni chwa sè Yelena fè pou l sèvi Jewova. Sè Yelena renmen jwe foutbòl ak volebòl.

Sa k te pase

Nan dat ki te 29 septanm 2019 la, otorite nan Biwobidjan yo te ouvri yon dosye kriminèl kont sè Yelena Reyno-Chernyshova.

Yon seri ofisye nan Sèvis sekirite federal la (FSB) te fouye kay sè Yelena. Li di Jewova te ede l rete kalm. Men sa l esplike: “M te kontinye priye Jewova pou l ede m rete kalm, pou l fè m gen kouraj, pou l ede m byen konpòte m e pou m rete fidèl ak li. Yo pa t fouye kay la yon fason ki brital, yo tout te aji ak jantiyès.”

Jijman an te gen move efè sou sè Yelena ak fanmi l. Mari l te fè yon kriz kadyak (twazyèm kriz li) an jiyè 2020. Sè Yelena pa ka deplase kite Biwobidjan. Otorite yo bloke kont labank li yo tou.

Sè Yelena jwenn fòs lè l reflechi sou jan lòt sèvitè Jewova te andire pèsekisyon. Li di: “Mwen renmen li rapò konsènan frè ak sè yo te fouye kay yo e ki te jwenn pèsekisyon poutèt lafwa yo nan Jewova. Yo fè fas ak anpil difikilte e yo sibi anpil move tretman, men yo andire tout bagay sa yo avèk kouraj.” Li jwenn byenfè tou lefètke l li Bib la e l medite sou li regilyèman.

Toutpandan sè Yelena ap kontinye andire, li renmen medite sou Ezayi 30:15. Vèsè a di: “Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou.” Sè Yelena di: “Mwen toujou reflechi sou vèsè sa a. Mwen gen Jewova anpil rekonesans poutèt li te rale m vin jwenn li! [...] Mwen toujou santi kè m kalm. Mwen fè [Jewova] konfyans e m konte sou li plis toujou nan sitiyasyon sa yo. Mwen gen asirans li pap janm lage m.”

a Dat la ka chanje.