Al gade sa k anndan l

Frè Sergey Rayman ak madanm li, Valeriya

7 SEPTANM 2020
LARISI

Yo kapab kondane yon jèn koup kòm kriminèl nan peyi Larisi

Yo kapab kondane yon jèn koup kòm kriminèl nan peyi Larisi

Lè yo pwograme pou desizyon an

Tribinal distri Sverdlovskiy nan vil Kostroma pwograme pou l bay desizyon yo pran nan ka frè Sergey Rayman ak madanm li, Valeriya, nan dat 16 septanm 2020 an *. Yo kapab kondane yo chak pou setan prizon, men se pi devan desizyon an ka aplikab.

Enfòmasyon pèsonèl

Sergey Rayman

  • Dat li fèt: 1996 (Kineshma, rejyon Ivanovo)

  • Byografi: Li te etidye konstriksyon nan yon lekòl teknik. Li espesyalize nan dekorasyon enteryè. Se granmè l ki te ede l renmen epi suiv prensip ki nan Bib la. Li marye ak Valeriya an 2015. Li renmen fè manje epi fè ski.

Valeriya Rayman

  • Dat li fèt: 1993 (Sharya, rejyon Kostroma)

  • Byografi: Papa l mouri lè l te gen dizan. Se manman l ki te aprann li konn Jewova. Li gen yon lisans kòm kwafèz.

Sa k te pase

Byen bonè nan maten jou ki te 25 jiyè 2018 la, yon seri polisye ak zam ki fè pati yon inite espesyal te sèvi ak gwo bout fè pou yo antre lakay frè ak sè Rayman. Ofisye yo te arete yo toule de. Sè Rayman te pase de jou nan prizon. Frè Rayman te pase 59 jou nan yon kacho poukont li. Otorite yo limite kominikasyon ant frè ak sè Rayman ak lòt Temwen Jewova yo. Epitou, yo pa pèmèt yo kite kay yo nan aswè. Sitiyasyon stresan sa a gen efè ni sou sante fizik yo ni sou sante afektif yo.

Pandan jèn koup sa a ap tann desizyon tribinal la, n ap priye pou yo kontinye demontre kouraj e pou yo mete kran sou yo toutpandan yo gen konfyans Jewova pap janm sispann soutni yo. — Jozye 1:9.

^ § 3 Dat la ka chanje.