Al gade sa k anndan l

Frè Dmitriy Maslov ak madanm li, Yuliya.

18 MAS 2021
LARISI

Yo kapab mete frè Dmitriy Maslov nan prizon poutèt li t ap pale de Labib ak zanmi l

Yo kapab mete frè Dmitriy Maslov nan prizon poutèt li t ap pale de Labib ak zanmi l

MIZAJOU | Tribinal la rejte apèl la

Nan dat 5 oktòb 2021 an, tribinal tèritwa Krasnoyask rejte apèl frè Dmitriy te fè a. Yo toujou kenbe premye santans yo te ba li a.

Nan dat 2 jen 2021 an, tribinal vil Minisensk, nan tèritwa Krasnoyask, kondane frè Dmitriy Maslov. Yo mande l peye yon amann 450 000 woub (6 125 dola ameriken).

Enfòmasyon pèsonèl

Dmitriy Maslov

  • Dat ak kote l fèt: 1976 (Minisensk).

  • Byografi: Manman Dmitriy te leve Dmitriy, ti frè Dmitriy ak ti sè l la poukont li. Dmitriy te gradye nan yon lekòl pwofesyonèl kote l te aprann pran swen myèl. Kounye a, l ap travay kòm plonbye. Li renmen monte bisiklèt, li renmen al plonje anba lanmè epi jwe akòdeyon.

    Depi lè l piti, li te gen yon seri gwo kesyon sou lavi a. Li te jwenn bonjan repons klè nan Bib la. Li te batize an 1994. Lè yo te rele l pou l al nan lame, li te mande fè yon sèvis sivil pito akoz konsyans li. Li te marye ak Yuliya an 1997.

Sa k te pase

Nan dat 19 avril 2019 la, nan aswè, nan Minisensk, gen sòlda ak manm komite envestigasyon ak manm sèvis sekirite federal ki te antre nan kay senk fanmi Temwen Jewova. Pandan yo t ap fouye kay yo, yo te pouse yon frè ki gen 76 an, yo lage l atè e frè a te blese. Yo te arete plis pase 30 frè ak sè pou yo poze yo kesyon e apre sa yo te lage yo. Annapre, yo te ouvri yon dosye kriminèl kont frè Dmitriy. Pi gwo akizasyon yo lage sou do l se dèske l te pale de Labib ak kèk zanmi pandan yo t ap fè yon ti pwomnad nan mòn yo.

Yo mete limit sou deplasman frè Dmitriy pandan l ap tann desizyon tribinal la. Byenke manman l pa gen menm kwayans avè l, li konsidere se yon enjistis yo fè pitit li a dèske yo akize l kòm kriminèl. Li gen konviksyon pitit gason l lan fè pati “relijyon ki pi pezib ki genyen an”.

Frè Dmitriy jwenn konsolasyon ak kouraj lefètke l konnen Jewova ap “itilize fòs li” an favè moun ki fidèl avè l yo. — 2 Kwonik 16:9.