Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Ivshin.

12 FEVRIYE 2021
LARISI

Yo kondane frè Aleksandr Ivshin ki gen 63 an pou l pase setan edmi nan prizon poutèt l ap òganize reyinyon e l ap chante kantik

Yo kondane frè Aleksandr Ivshin ki gen 63 an pou l pase setan edmi nan prizon poutèt l ap òganize reyinyon e l ap chante kantik

Desizyon yo pran

Nan dat 10 fevriye 2021 an, tribinal distri Abinski, nan tèritwa Krasnoda, kondane frè Aleksandr Ivshin. Yo kondane l pou l pase setan edmi nan prizon. Se santans ki pi long e ki pi rèd yon frè nou resevwa depi lè Lakou siprèm peyi Larisi te entèdi òganizasyon nou an an 2017.

Enfòmasyon pèsonèl

Aleksandr Ivshin

  • Dat ak kote li fèt: 1957 (Katav-Ivanòvsk).

  • Byografi: Anvan l te pran retrèt li, li te konn travay kòm operatè machin ki koupe fè ak bwa, li te konn koupe bwa e l te teknisyen sekirite. Li te marye ak Galina an 1974. Yo gen de pitit fi ak uit pitit pitit.

    Se apre l te fin malad byen grav, li te kòmanse reflechi sou sans lavi a. Nan yon sèl nuit, li te li twa nan kat Evanjil yo, e tousuit apre li te kòmanse etidye Labib. Li te batize an 1995.

Sa k te pase

Temwen Jewova nan Abinsk yo te kòmanse ap parèt nan tribinal nan ane 2015 lan. Otorite yo te met etikèt “ekstremis” sou do asosyasyon Temwen Jewova yo e yo te met entèdiksyon sou yo. Anviwon senkan apre sa, nan dat 23 avril 2020, yo te ouvri yon dosye kriminèl kont frè Aleksandr Ivshin. Pami “krim” yo di l fè yo, gen: òganize reyinyon pa mwayen videyo konferans pou adore Bondye ak chante kantik Wayòm.

Lè otorite yo te fouye kay Aleksandr ak Galina a, Aleksandr ak Galina te tèlman strese sa te lakòz tansyon yo monte anpil. Kèk mwa apre, otorite yo te sezi machin Aleksandr. Malgre difikilte sa yo, Aleksandr te kenbe yon pwennvi pozitif. Men sa l te di nan dènye pawòl li nan tribinal la: “Mwen pa sezi dèske yo lage akizasyon sa yo sou do m, paske Jezi te predi sa. Nan Matye 10:18, li te di: ‘Epi, y ap mennen nou devan gouvènè, devan wa poutèt mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay ni yo menm ni nasyon yo temwayaj.’ [...] Pawòl sa yo pa fè m tris. Okontrè, yo fè m kontan, paske m ka pale ak tout jij ak onorab majistra ki nan tribinal la pou m fè yo konnen esperans k ap tann tout moun ki konsyan yo bezwen Bondye yo.”

Aleksandr ak Galina ajoute vwa yo nan gwo temwayaj k ap bay nan peyi Larisi e toupatou sou tè a. Nou gen konfyans Jewova ap beni yo anpil anpil poutèt yo mete konfyans yo nan li. — Jeremi 17:7.