Al gade sa k anndan l

10 FEVRIYE 2021
LARISI

Yo kondane frè Aleksandr Ivshin pou setan edmi prizon, se pi gwo santans yo bay depi lè yo entèdi aktivite òganizasyon an nan ane 2017

Yo kondane frè Aleksandr Ivshin pou setan edmi prizon, se pi gwo santans yo bay depi lè yo entèdi aktivite òganizasyon an nan ane 2017

Nan dat 10 fevriye 2021 an, tribinal distri Abinski, nan tèritwa Krasnoda, nan Larisi, kondane frè Aleksandr Ivshin, ki gen 63 an, pou setan edmi prizon. Se pi gwo santans yo bay yon Temwen Jewova depi lè yo entèdi travay òganizasyon an nan ane 2017.

Yo te ouvri yon dosye kriminèl kont frè Ivshin depi 23 avril 2020. Yo akize l poutèt l ap òganize sèvis relijye pa mwayen videyo konferans e poutèt l ap chante kantik kòmkwa bagay sa yo se krim yo ye. Nan dènye pawòl li te di nan tribinal la, li montre aklè kwayans li yo chita sou Bib la. Men sa l te di: “Onorab majistra, fason m viv la chita sou prensip ki nan Bib la e pa gen okenn ide ekstremis oswa rayisman nan prensip sa yo.”