Al gade sa k anndan l

Frè Aleksandr Salnikov

30 OUT 2024
LARISI

Yo kondane frè Aleksandr Salnikov pou sizan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay la

Yo kondane frè Aleksandr Salnikov pou sizan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay la

Nan dat 22 out 2024 la, tribinal distri Òdjonikidzèvki, ki nan Magnitogòsk, nan rejyon Chelyabensk deklare frè Aleksandr Salnikov koupab e l kondane l pou sizan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay la. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a.

Enfòmasyon pèsonèl

Nou gen anpil rekonesans dèske nou konnen Bondye nou an ki donan ap toujou ede nou kontinye devlope kalite nou bezwen pou n andire kèlkeswa eprèv nou jwenn. — Galat 5:22, 23.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 18 avril 2023

    Yo ouvri yon dosye kriminèl kont li. Yo akize l paske l ap òganize reyinyon pa mwayen videyo konferans

  2. 20 avril 2023

    Yo fouye plizyè kay nan Magnitogòsk, e kay frè Aleksandr te pami kay sa yo. Yo arete frè Aleksandr e yo mete l yon kote yo kenbe moun pou yon ti tan

  3. 22 avril 2023

    Yo lage l, men yo entèdi l vwayaje al kote l vle

  4. 14 me 2024

    Pwosè a kòmanse

  5. 22 out 2024

    Yo deklare l koupab e yo kondane l pou sizan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay la