Al gade sa k anndan l

9 JEN 2020
LARISI

Yo kondane frè Guennadi Chpakovski pou sizan edmi prizon

Yo kondane frè Guennadi Chpakovski pou sizan edmi prizon

Madi 9 jen 2020 an, tribinal vil Pskov la kondane frè Guennadi Chpakovski, ki gen 61 an, pou sizan edmi prizon. Yo te pran l menm kote a mennen l nan prizon. Se premye frè nou ki resevwa gwo santans sa a depi apre Lakou siprèm peyi Larisi te met etikèt aktivite ekstremis oswa kriminèl sou do aktivite nou yo nan peyi sa a an 2017. Frè Chpakovski pral fè apèl desizyon sa a.