Al gade sa k anndan l

Frè Yevgeniy Golik pa deyò tribinal la an desanm 2020.

21 JANVYE 2021
LARISI

Yo kondane frè Yevgeniy Golik pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Yo kondane frè Yevgeniy Golik pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Desizyon yo pran

Nan dat 20 janvye 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif la, kondane frè Yevgeniy Golik pou dezan edmi prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa gen pou al nan prizon pou kounye a. L ap fè apèl desizyon an.

Enfòmasyon pèsonèl

Yevgeniy Golik

  • Dat ak kote l fèt: 1975 (Biwobidjan, Rejyon otonòm juif).

  • Byografi: Li se yon bòs soudi. Li travay kòm moun k ap kontwole chofaj. Anvan l te vin Temwen Jewova, li te nan lame nan peyi Larisi.

    Se manman l ki te aprann li laverite. Li jwenn repons kesyon li te genyen sou sans lavi a. Ansèyman nan Bib la te ede l pou l enterese nan moun plis.

Sa k te pase

Nan dat 17 me 2019 la, byen bonè nan maten, gen 150 ofisye Sèvis sekirite federal ki te fouye nèf kay Temwen Jewova nan Biwobidjan, yon vil nan Lès Larisi. Sèvis sekirite a te rele operasyon sa a “Jou jijman an”. Otorite lokal yo te ouvri dosye kriminèl kont frè Yevgeniy Golik ansanm ak 21 lòt frè ak sè nan Rejyon otonòm juif la. Jijman l lan te kòmanse 29 janvye 2020.

Komisè gouvènman an te bay yon seri prèv ki gen ladan yo videyo ki montre frè Yevgeniy k ap etidye Labib ak kèk nan piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la.

Sa pa fasil lè yon moun viktim enjistis. Men, frè Yevgeniy di: “Lefètke mwen etidye Labib regilyèman e m priye Jewova regilyèman, sa ede m pou m plis konsantre sou Jewova olye m konsantre sou tèt mwen. E bon panse ki nan Pawòl Bondye a ban m kè kontan, sa ki pouse m pataje yo ak lòt moun.”

Lefètke l te medite sou Sòm 23:4, sa te ede l. Men sa l di: “[Vèsè sa a] ede m pou m gen kouraj e pou m andire ak kè kontan. Menmsi lavi nou ta menase, nou konnen Jewova toujou la avèk nou.”

Lòt sèvitè Jewova yo tou te ansanm ak frè Yevgeniy. Li fè konnen: “Frè ak sè yo te vini nan tribinal la lè pwosè a te kòmanse, sa te yon gwo ankourajman pou mwen. Epi, nan moman difisil sa a, madanm mwen ki se yon kado Jewova, te ede m anpil. Mwen toujou gen kè kontan. Mwen gen Pawòl Bondye a, mwen gen ase manje pou m manje e m jwenn anpil èd.”

Frè Yevgeniy gen detèminasyon pou l kontinye kenbe relasyon li gen ak Jewova a djanm. Men sa l di pou l ede moun ki poko jwenn pèsekisyon dirèk yo prepare yo: “Aprann kantik yo, aprann renmen ènmi w yo e aprann gen kè kontan nan kèlkeswa sitiyasyon an.”

Nou swete pou nou tout kontinye aprann nan men frè ak sè nou yo nan Larisi. Menm jan Jewova ap ede yo nan eprèv yo, se konsa l ap ede nou tou. — Sòm 29:11.