Al gade sa k anndan l

Sè Larisa Artamonova.

15 FEVRIYE 2021
LARISI

Yo kondane sè Larisa Artamonova poutèt lafwa l

Yo kondane sè Larisa Artamonova poutèt lafwa l

Dat yo pran desizyon an

Nan dat 12 fevriye 2021 an, tribinal distri Biwobidjan, nan Rejyon otonòm juif, fè konnen desizyon l pran nan ka sè Larisa Artamonova a. Tribinal la te ka kondane l pou jiska sizan prizon, men yo te deside kondane l pou l peye yon amann 10 000 woub (135 dola ameriken) pito.

Enfòmasyon pèsonèl

Larisa Artamonova

  • Dat li fèt: 1970 (Biwobidjan, Rejyon otonòm juif).

  • Byografi: Yo te touye papa l lè l te gen twazan. Li te travay kòm chèf patisri, grafis e kòm koutiryè. Li te marye an 1990. Li gen yon pitit gason ki gen yon maladi ki ra e li menm li gen yon maladi ki atake jwenti l. Malgre pwoblèm sante l yo, li se yon moun ki aktif. Li monte bisiklèt, li monte paten awoulèt, li fè ski e l fè desen.

    Li te gen kesyon konsènan enjistis, soufrans ak bagay mal k ap fèt. Se sa k te fè l etidye Labib ak Temwen Jewova yo. Li te jwenn repons ki satisfè l nan Bib la e l te batize an 1995.

Sa k te pase

Nan dat 25 septanm 2019 la, otorite nan peyi Larisi yo te ouvè yon dosye kriminèl kont sè Larisa Artamonova. Yo te ouvè yon dosye kriminèl kont pitit gason l lan tou. Li menm ak pitit li a fè pati 22 Temwen nan Rejyon otonòm juif la yo akize kòmkwa y ap patisipe nan aktivite yon òganizasyon “ekstremis”.

Manman sè Larisa ak bòpè l sezi dèske yo te manke bay Larisa sizan prizon poutèt kwayans li nan Bondye, paske se menm santans sa a yo te bay moun ki te touye papa l la.

Yon ti tan anvan pèsekisyon an te kòmanse nan Biwobidjan, sè Larisa ak pitit gason l lan te vin pi aktif nan sèvis Jewova a. Men sa sè Larisa di: “Lè w okipe nan sèvis Jewova a e w okipe nan fè relasyon pa w avè l ak relasyon moun nan fanmi w avè l vin djanm, sa ede w pou w pa pè. [...] Satan sèvi ak moun k ap pèsekite nou yo pou l eseye fè nou kwè aktivite nou antanke kretyen ka fè nou pèdi libète nou. Jewova li menm li ban nou asirans se lè nou fè sa l mande nou fè n ap lib toutbon.”

Toule 22 frè ak sè nan Biwobidjan yo te kondane yo gen garanti Jewova kontan lè l wè fidelite yo e se sèten fidelite yo se yon repons yo bay Satan. — Pwovèb 27:11.