Al gade sa k anndan l

Sè Yelena Barmakina ak Dmitriy, mari l.

28 SEPTANM 2020
LARISI

Yo lage akizasyon kriminèl sou do sè Yelena Barmakina poutèt l ap priye e l ap li Labib

Yo lage akizasyon kriminèl sou do sè Yelena Barmakina poutèt l ap priye e l ap li Labib

Desizyon

Tribinal distri Pervorechenski, nan Vladivostok, pwograme pou yo bay desizyon yo pran nan ka sè Yelena Barmakina nan dat 29 septanm 2020 *. Yo ka kondane l pou l pase ennan nan prizon. Pandan sè Barmakina ap tann desizyon an, yo kontinye ak pwosè y ap fè kont frè Dmitriy ki se mari l.

Enfòmasyon pèsonèl

Yelena Barmakina

  • Dat li fèt: 1967 (Cherepanovo, nan zòn Novosibirsk).

  • Byografi: Se li ki prensipal moun k ap pran swen paran l ki aje ak grann li. Li renmen fè foto, e li te vin yon fotograf pwofesyonèl. Li renmen naje e li renmen al mache nan mòn.

  • Lè li te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo, li te aprann fason pwofesi ki nan Bib la ap reyalize. Sa te ba l konviksyon Bondye gen anpil pouvwa. Li te vin gen plis lafwa tank li t ap wè jan Jewova reponn priyè l. Li te marye ak Dmitriy nan ane 2003.

Sa k te pase

Jou ki te 28 jiyè 2018 la, a 7 è nan maten, gen yon gwoup polisye ki rantre lakay grann sè Yelena Barmakina, zam alamen ak kagoul nan tèt yo. Grann sè Barmakina gen 90 an. Sè Barmakina ak mari l, Dmitriy, te nan kay la pou yo ka pran swen grann nan. Yo te arete frè Barmakin e yo mete l nan prizon. Otorite yo te menase sè Barmakina, yo te di l: “Se ou n ap vin pran apre!”

Ennan apre, otorite yo te bloke kont sè Barmakina te genyen labank. Nan dat ki te 6 out 2019 la, yon moun nan zòn nan k ap mennen ankèt te kòmanse lage akizasyon kriminèl sou do sè Barmakina poutèt l ap priye, l ap li Labib e l ap gade diskou ki baze sou Bib la. Avoka sè a te mande tribinal la pou l sispann mennen ankèt sou sè a paske swadizan aksyon kriminèl yo di l fè yo se bagay nòmal moun fè lè y ap adore Bondye. Men, jij la te dakò ak komisè gouvènman an pito ki te fè konnen sa sè Barmakina fè yo se “aktivite ekstremis” lalwa peyi Larisi kondane.

Ankèt y ap mennen sou sè Barmakina a ba l anpil strès. Sa fè 447 jou depi li pa menm kote ak mari l paske mari l nan prizon. Epitou, li difisil pou sè Barmakina jwenn travay paske li dwe toujou pare pou lè yo rele l pou yon jijman oswa pou yo poze l kesyon.

Grasa etid nou fè nan Bib la, nou pa sezi lè n wè jan otorite nan peyi Larisi yo “pouse [nou] byen fò” pou yo kraze fidelite nou. Men, nou jwenn rekonfò lefètke nou konnen Jewova ap toujou yon ‘refij ak yon fòs pou nou’. — Sòm 118:13, 14.

^ § 3 Dat la ka chanje.