Al gade sa k anndan l

Soti agoch al adwat: Frè Lubin ak frè Isakov ak madanm yo.

1YE SEPTANM 2021
LARISI

Yo lage de frè ki te malad anpil, jan ECHR te mande sa

Yo lage de frè ki te malad anpil, jan ECHR te mande sa

Nan dat ki te 28 out 2021 an, otorite nan peyi Larisi yo te lage frè Aleksandr Lubin ak frè Anatoliy Isakov, jan Tribinal ewopeyen pou dwa moun nan (ECHR) te mande sa. Byenke toule de frè yo andikape, yo te kenbe yo nan prizon nan rejyon Kougan nan peyi Larisi pou yon mwa edmi. Yo ka toujou al nan prizon apre tribinal la fin pran desizyon ki konsène ka yo.

Nan dat ki te 13 ak 14 jiyè 2021 an, fòs sekirite yo nan rejyon Kougan te rantre ak fòs nan anpil kay Temwen Jewova. Frè Isakov, ki gen 56 an, ak frè Lubin, ki gen 65 an, te pami pakèt Temwen yo te mennen nan prizon.

Frè Lubin gen gwo pwoblèm nan kè, li soufri tansyon, e li gen pwoblèm nan sistèm defans kò l, sa ki gen efè sou ògàn li yo. Li dwe nan oksijèn pandan 16 èdtan chak jou e li sou tretman, men li pa t jwenn bagay sa yo. Li gen pwoblèm pou l mache e li pa ka kanpe poukont li. Tatyana, madanm li, andikape tou e li deja fè kat stwok.

Frè Isakov gen kansè nan san e li gen plizyè zo nan do l ak nan kòt li ki kase, sa ki fè li bezwen yon chèz woulant. Lè l te nan prizon an, yo pa t kite l fè chimyoterapi li te gen pou l fè. Epitou, yo pa t vle ba li medikman li konn pran pou doulè yo. Malerezman, frè Isakov te vin pran COVID-19 pandan li nan prizon an.

Pandan plizyè semèn, avoka yo te mande tribinal la pou l lage de frè yo, men anyen pa t fèt. Jij yo te baze desizyon yo a sou yon sètifika doktè nan Lopital rejyon Kougan an te bay ki te fè konprann frè Lubin ak frè Isakov pa swadizan gen maladi ki ta dwe anpeche yo al nan prizon.

Soti agoch al adwat: Frè Isakov ak frè Lubin k ap kite prizon an.

Nan dat ki te 8 out 2021 an, avoka yo te pote ka a devan ECHR. Donk, ECHR te voye yon demann nan Biwo jeneral komisè a nan Federasyon Larisi a. Nan dat ki te 24 out 2021 an, yo te revoye de frè yo nan Lopital rejyon Kougan. Fwa sa a, doktè yo te rann yo kont frè Lubin ak frè Isakov gen maladi ki anpeche yo al nan prizon.

N ap priye pou de frè sa yo ki rete fidèl malgre pèsekisyon ak maladi. Nou konnen Jewova ap kontinye “itilize fòs li” an favè yo. — 2 Kwonik 16:9.