Al gade sa k anndan l

24 JIYÈ 2020
LARISI

Yo mete frè Dennis Christensen nan blòk pinisyon an yon lòt fwa ankò

Yo mete frè Dennis Christensen nan blòk pinisyon an yon lòt fwa ankò

Yo te mete frè Dennis Christensen nan blòk pinisyon nan prizon an (SHIZO) yon lòt fwa ankò mèkredi ki te 15 jiyè 2020 an. L ap rete la pou jis 27 jiyè. Sa vle di se sèlman kat jou apre yo te fin retire l nan SHIZO a yo mennen l tounen ladan l ankò. Si yo voye l nan SHIZO yon twazyèm fwa, responsab yo nan prizon an ka di li se “moun k ap vyole lwa prizon an yon fason ki grav”, sa ki t ap fè yo voye l nan yon blòk pinisyon ki pi rèd (EPKT) pou jiska sis mwa. Avoka frè Christensen yo prevwa fè apèl kont dènye akizasyon yo lage sou do l yo.

Otorite yo nan prizon an ap pini frè Christensen paske kondisyon fizik li pa pèmèt li fè travay yo ta dwe ba l fè nan prizon an. Yo te mande frè Christensen pou l travay nan atelye yo fè kouti nan prizon an. Men sante frè Christensen vin bese detan l nan prizon an. Doktè prizon yo di sante frè Christensen ka pèmèt li fè travay yo, men li dwe ka pran ti poz detanzantan e l dwe fè ti egzèsis. Men, yon lòt doktè ki pa travay nan prizon an te egzamine frè Christensen yon lè anvan ka sa yo. Doktè sa a te di sante frè Christensen pap pèmèt li fè travay yo asiyen l yo.

Nan blòk pinisyon an, prizonye yo pa ka bay achte manje pou yo, yo pa ka fè apèl pa telefòn e yo pa ka resevwa apèl, moun pa ka vin wè yo ni yo pa ka resevwa komisyon. Lalwa pèmèt moun ki nan blòk pinisyon yo jwenn vizit nan men minis relijye yo. Men, frè Christensen pa ka mande ansyen yo vin vizite l. Rezon an se paske Temwen Jewova yo pa anrejistre legalman kòm yon relijyon nan peyi Larisi ankò.

Jan nou te di nou sa anvan sa, nan dat 23 jen, tribinal distri Lgov la te dakò pou yo lage frè Christensen anvan lè e yo te mande l peye yon amann pou rès tan li ta dwe fè nan prizon an. Men kèk jou apre, yon komisè gouvènman te fè apèl desizyon sa a. Ta sanble otorite yo nan prizon an ap kolabore ak komisè gouvènman an anba anba pou yo sal repitasyon frè Christensen, yon fason pou yo ka anpeche yo lage l anvan lè.

Ni frè Christensen ni madanm li, Irina, kenbe yon bon etadespri. Nou kontan wè jan Jewova toujou ede sèvitè fidèl li yo andire menm eprèv ki pi difisil yo avèk pasyans e ak kè kontan. — Kolosyen 1:11.