Al gade sa k anndan l

10 FEVRIYE 2021
LARISI

Yo rejte demann frè Dennis Christensen fè pou yo lage l anvan lè

Yo rejte demann frè Dennis Christensen fè pou yo lage l anvan lè

Nan dat 10 fevriye 2021 an, tribinal rejyonal Kousk la rejte demann frè Dennis Christensen te fè pou yo lage l anvan lè a. Li te mande tribinal la pou yo fè l peye yon amann nan plas rès tan ki rete pou l pase nan prizon an. Malgre sa gentan fè ennan depi frè Christensen kalifye pou yo lage l anvan lè, yo toujou rejte demann li yo.

Sa pa gen lontan, frè Christensen te ekri Irina, madanm li, yon lèt. Li te pataje youn nan vèsè li pi renmen yo avè l: “Donk, annou pa sispann fè sa ki byen, paske lè lè a rive, n ap rekòlte si nou pa kite fatig pote n ale.” ​(Galat 6:9). Li te di li gen garanti Jewova ap rekonpanse yo si yo kontinye fè byen, si yo kontinye ede lòt moun e yo pa bay vag. Li te fè konnen tou li vle lè l kite prizon an pou relasyon l ak Bondye pi sere pase lè l te antre nan prizon an.

Frè Dennis nan prizon depi me 2017, donk sa fè prèske katran depi l pa gen posiblite pou l ansanm ak madanm li, Irina. Frè Dennis ak sè Irina kontinye bay bèl egzanp nan fason yo demontre konfyans yo nan Jewova, nan fason yo anpè ak bonjan detèminasyon yo genyen pou yo rete fidèl. — Filipyen 1:14.