Al gade sa k anndan l

Sè Yelena Barmakina ansanm ak Dmitriy, mari l, devan tribinal distri Pervoretchenski nan Vladivostok.

29 SEPTANM 2020
LARISI

Yon jij voye dosye sè Yelena Barmakina a tounen nan biwo komisè gouvènman an paske pa gen ase prèv

Yon jij voye dosye sè Yelena Barmakina a tounen nan biwo komisè gouvènman an paske pa gen ase prèv

Nan dat 29 septanm 2020 an, tribinal distri Pervoretchenski nan Vladivostok pa fè jijman ki te pwograme pou sè Yelena Barmakina a. Li voye dosye a tounen nan biwo komisè gouvènman an. Jij la fè konnen komisè gouvènman an pa bay ase prèv ki montre sè Barmakina te enplike nan aktivite ekstremis. Biwo komisè gouvènman an gen posiblite fè apèl desizyon sa a. Si yo pa fè apèl, jijman an ap kanpe jiskaske biwo komisè gouvènman an bay plis prèv ki kore akizasyon yo a.