Al gade sa k anndan l

30 JEN 2020
LARISI

Yon komisè gouvènman fè apèl kont desizyon yo te pran pou lage frè Dennis Christensen pi bonè a

Yon komisè gouvènman fè apèl kont desizyon yo te pran pou lage frè Dennis Christensen pi bonè a

Nou fèk aprann gen yon komisè gouvènman, A. A. Shatunov, ki nan Biwo rejyonal komisè gouvènman pou zòn Kousk la, ki fè apèl kont desizyon yo te pran pou lage frè Dennis Christensen pi bonè a. Li vle anpeche yo lage l. Byenke avoka frè Christensen yo pral depoze yon plent pou di yo pa dakò ak apèl komisè gouvènman an fè a, kanmenm sa ap pran plizyè semèn anvan yon tribinal tande ka a. Pou kounye a, yo mete frè Christensen nan yon selil nan blòk pinisyon prizon an pou dis jou. Malgre bagay yo vire konsa, frè Christensen anfòm. Nou di nou mèsi poutèt nou kontinye priye pou frè ak sè Christensen.