Al gade sa k anndan l

Frè Konstantin Sannikov.

8 AVRIL 2022
LARISI

Yon papa ki nan prizon ede fanmi l rete pwòch ak Jewova

Yon papa ki nan prizon ede fanmi l rete pwòch ak Jewova

Tribinal Kazan nan distri Sovetski gen pou fè konnen desizyon li pran nan ka ki konsène frè Konstantin Sannikov. Komisè a poko fè konnen ki santans li ta renmen yo ba li.

Dat ak evènman ki te pase

  1. 25 out 2020

    Yo ouvri ankèt kriminèl sou Konstantin apre anketè yo te fè mete aparèy ki ka koute sa moun ap di nan kay Konstantin. Yo te fè mete aparèy sa yo an kachèt. Otorite yo di Konstantin ap òganize aktivite ekstremis paske moun te vin lakay li pou yo pale sou Labib.

  2. 27 out 2020

    Yo te arete l, e menm kote a yo te mete l nan prizon.

  3. 26 me 2021

    Tribinal la entèdi madanm li vizite l, e yo kontinye ap rejte demann madanm nan ap fè pou vizite l.

  4. 20 out 2021

    Pwosè a kòmanse.

Enfòmasyon pèsonèl

Menm jan Konstantin kontinye ede fanmi l ret pwòch ak Jewova byenke li nan prizon, nou gen konfyans Jewova pap janm sispann pran swen moun ki sou kont li yo. — 1 Timote 5:8.

a Kòm frè Sannikov nan prizon kounye a, li pa posib pou nou jwenn kòmantè nan men l.