Al gade sa k anndan l

4 FEVRIYE 2020
LARISI

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Kim ak frè Polevodov

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Kim ak frè Polevodov

Nan dat 4 fevriye 2020 an, tribinal vil Zelesnodowosni nan rejyon Khabarovsk kondane frè Stanislav Kim ak Nikolay Polevodov pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo. Byenke yo pa pral nan prizon, y ap sou siveyans pandan dezan santans lan. Y ap gen pou yo fè apèl desizyon sa a. Mete sou sa, toude frè sa yo enplike nan yon lòt ka k ap jije nan tribinal distri endistriyèl la nan menm vil sa a. Men, tribinal la poko di ki lè y ap bay desizyon yo pran an.