Al gade sa k anndan l

25 SEPTANM 2020
LARISI

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Konstantin Bazhenov, madanm li ak yon sè 73 an pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Konstantin Bazhenov, madanm li ak yon sè 73 an pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo

Nan dat 25 septanm 2020 an, tribinal distri Yelizovsky nan rejyon Kamchatka kondane frè Konstantin Bazhenov, madanm li, Snezhana, ak sè Vera Zolotova. Komisè gouvènman an te vle pou ni frè ni sè Bazhenov peye 600 000 woub amann (7 850 dola ameriken) e pou sè Zolotova peye 400 000 woub (5 195 dola ameriken). Men, tribinal la kondane yo pou dezan prizon k ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo anplis sis mwa restriksyon. Frè ak sè Bazhenov ansanm ak sè Zolotova kontan paske yo pa gen pou yo ale nan prizon oswa pou yo peye yon amann.