Al gade sa k anndan l

22 DESANM 2020
LARISI

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Semyon Baybak pou l al nan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Semyon Baybak pou l al nan prizon si yo arete l ankò pou menm bagay yo

Nan dat ki te 21 desanm 2020 an, tribinal distri Leninski nan Rostov-on-Don te deklare frè Semyon Baybak koupab, e Ii te kondane l pou l pase twazan edmi nan prizon k ap aplikab si yo arete l ankò pou menm bagay yo. Li pa t gen pou l al nan prizon nan moman an.

Nan dènye pawòl Semyon te di devan tribinal la kèk jou anvan sa, Ii te repete pawòl yon moun nan peyi Larisi yo byen konnen k ap defann dwa moun, li di: “Yo pèsekite yo [Temwen Jewova yo], men y ap souri.” Men sa Semyon ajoute: “Se laverite. Mwen pa santi m tris oswa yo rayi nou.” Apre sa, li te li 2 Korentyen 4:8, 9 e li te aplike l ak li menm ak lòt Temwen nan peyi Larisi yo: “Nou nan eto tout jan, men nou pa kwense nan pwen pou nou pa ka bouje. Nou pa konn sa pou n fè, men nou pa fin sanzespwa nèt. Yo pèsekite nou, men nou pa lage poukont nou. Yo lage nou atè, men nou pa detwi.”