Al gade sa k anndan l

16 DESANM 2020
LARISI

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Yuriy Savelyev pou l pase sizan nan prizon

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane frè Yuriy Savelyev pou l pase sizan nan prizon

Nan dat ki te 16 desanm 2020 an, tribinal distri Leninski nan Novosibisk te kondane frè Yuriy Savelyev pou l pase sizan nan prizon. Sa ki bay frè nou an fòs pou l rete fidèl se etid pèsonèl li fè sou pwofesi ki nan Bib la.

Nan dènye pawòl Yuriy te di devan tribinal la nan dat 9 desanm nan, li te sèvi ak posiblite sa a pou l bay tout moun ki te la yo yon bèl temwayaj. Men sa l te di: “Gen yon pwofesi Jezi Kris te bay k ap reyalize devan je nou la a. Nou jwenn li nan Ekriti Sakre yo, anpalan de Bib la, nan Mak 13:9. Li di: ‘“Nou menm, veye kò nou. Gen moun k ap mennen nou devan tribinal pou yo jije nou, y ap bat nou nan sinagòg yo e y ap mennen nou devan gouvènè ak devan wa poutèt mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou ba yo temwayaj.’”