Al gade sa k anndan l

Frè Sergey Rayman ak madanm li, Valeriya, pandan yo nan tribinal la 9 oktòb 2020.

9 OKTÒB 2020
LARISI

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane yon koup pou y al nan prizon si yo arete yo ankò pou menm bagay yo

Yon tribinal nan peyi Larisi kondane yon koup pou y al nan prizon si yo arete yo ankò pou menm bagay yo

Nan dat 9 oktòb 2020 an, tribinal distri Sverdlovskiy nan vil Kostroma kondane frè Sergey Rayman ak madanm li, Valeriya. Yo kondane frè Rayman pou uitan prizon e yo kondame sè Rayman pou setan prizon, e desizyon sa a ap aplikab si yo arete yo ankò pou menm bagay yo. Depi apre desizyon Lakou siprèm nan te pran nan ane 2017 la kont Temwen Jewova yo, se pi gwo santans prizon yo bay frè ak sè nou nan peyi Larisi. Frè ak sè Rayman pap gen pou yo ale nan prizon pou kounye a.