Al gade sa k anndan l

31 ME 2021
LARISI

Yon tribinal nan peyi Larisi rejte apèl kat Temwen te fè

Yon tribinal nan peyi Larisi rejte apèl kat Temwen te fè

Nan dat ki te 28 me 2021 an, tribinal rejyonal Òmsk la rejte apèl frè Sergey Polyakov ak Anastasia, madanm li, ansanm ak apèl sè Gaukhar Bektemirova ak sè Dinara Dyusekeyeva te fè. Frè Polyakov dwe rete nan prizon, e yo kenbe santans yo te bay twa sè yo, santans k ap aplikab si yo arete yo pou menm bagay yo ankò.