Al gade sa k anndan l

2 MAS 2022
MEKSIK

Tradiksyon monn nouvo a  Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang tlapanèk

Tradiksyon monn nouvo a  Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang tlapanèk

Nan dat ki te 27 fevriye 2022 a, frè Carlos Cázares, yon manm komite filyal Amerik santral la, te fè konnen Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang tlapanèk sou fòma elektwonik. Vèsyon enprime yo ap disponib pi devan nan ane a. Yo te anrejistre pwogram nan e yo te pase l pou anviwon 820 moun.

Yo te kòmanse tradiksyon an an jiyè 2020, pandan pandemi COVID-19 la. Men sa yon tradiktè di: “Byenke nou te jwenn anpil difikilte, se estrawòdinè pou nou rive fini travay la nan ennan edmi. Jewova te akselere travay la.”

Biwo tradiksyon adistans nan lang tlapenèk nan Tlapa, Gerero, nan peyi Meksik. Ekip tradiksyon an nan twa etaj nan bilding sa a.

Nouvo tradiksyon an gen ekspresyon ki pi klè pou moun k ap li nan epòk nou an. Nou jwenn yon egzanp nan Matye 5:3. Men kòman kèk tradiksyon te tradui vèsè sa a: “Byennere moun ki konnen yo pa ka fè anyen sof si lespri sen ede yo”, oswa “Byennere moun ki pòv nan lespri l”. Yon lòt bò, men ki jan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo tradui vèsè sa a: “Byennere moun ki pran konsyans yo bezwen Bondye.”

Nouvo tradiksyon sa a ap ede pwoklamatè yo pou yo vin pi maton nan travay predikasyon an. Men sa frè Cázares te di nan diskou li t ap fè a: “Bondye Toupisan an vle moun yo tande bon nouvèl la nan pwòp lang yo, lang yo pale chak jou a, men se pa nan yon lang li difisil pou yo konprann.”

Nou rejwi ak frè ak sè nou yo ki pale lang tlapanèk poutèt nouvo tradiksyon sa a ki parèt, toutpandan n ap sèvi Jewova “kòtakòt”. — Sofoni 3:9.