Al gade sa k anndan l

17 NOVANM 2020
MOZANBIK

Liv Matye a parèt nan lang gitonga ak lang wonnga

Liv Matye a parèt nan lang gitonga ak lang wonnga

Nan dat 14 ak 15 novanm 2020 an, Labib — Bon nouvèl la selon Matye te parèt sou fòma elektwonik nan lang gitonga ak lang wonnga, de lang yo pale nan sid peyi Mozanbik. Pou 524 pwoklamatè ki pale gitonga yo ak 1 911 pwoklamatè ki pale wonnga yo, liv sa a nan Bib la ki parèt la se yon kado Jewova ba yo nan bon moman.

Frè Amaro Teixeira, yon manm komite filyal peyi Mozanbik, te anonse tradiksyon sa yo nan yon pwogram ki te anrejistre alavans e yo te pase pou pwoklamatè yo. Mete sou sa, frè yo te jwenn otorizasyon pou yo pase pwogram nan sou yon estasyon televizyon nasyonal e sou yon pakèt estasyon radyo nan zòn nan. Kòm pifò moun yo pa gen aparèy elektwonik, liv Matye a ap disponib tou sou fòm yon bwochi k ap gen 64 paj.

Men sa frè Teixeira di: “Pa gen anpil tradiksyon Labib ak liv ki pale sou Bib la ki disponib nan lang sa yo. Nou kontan anpil pou nou gen liv Matye a paske liv sa a nan Bib la pale de liy fanmi Jezi te soti, sou nesans li, bèl diskou li te bay sou mòn nan ak bèl pwofesi li te bay konsènan dènye jou yo.”

Men sa yon tradiktè di konsènan byenfè tradiksyon sa a ki egzak e ki fasil pou moun konprann ap pote: “Liv Matye a tèlman gen bèl ansèyman ladan l. M gentan imajine jan dlo pral koule nan je moun yo pandan y ap li Diskou sou mòn nan nan lang manman yo.”

Selon espè yo, gen anviwon 224 000 moun ki pale lang gitonga, e gen anviwon 423 000 moun ki pale lang wonnga. Nou espere tradiksyon Labib sa yo pral ede plis moun toujou pou yo jwenn “wout ki mennen nan lavi a”. — Matye 7:14.