Al gade sa k anndan l

4 ME 2023
MOZANBIK

Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang gitonga

Liv ki te ekri an grèk yo parèt nan lang gitonga

Nan dat ki te 30 avril 2023 a, Tradiksyon monn nouvo aLiv ki te ekri an grèk yo te parèt nan lang gitonga. Se nan yon pwogram espesyal ki te fèt nan yon zòn ki rele Maksiz, nan pwovens Inambane nan peyi Mozanbik, frè Wayne Wridgway, yon manm komite Filyal peyi Mozanbik, te fè konnen tradiksyon an parèt. Te gen 920 moun ki te asiste pwogram nan. Moun ki te la yo te resevwa Bib la sou fòma enprime, e li te tou disponib pou moun telechaje sou fòma eletwonik.

Yo pale lang gitonga nan Inambane, yon pwovens nan peyi Mozanbik. Yo konnen moun k ap viv nan zòn sa a kòm moun ki renmen resevwa moun e ki renmen bay. Lang gitonga se lang manman anviwon 327 000 moun ki soti nan plizyè rejyon: Homoíne, Jangamo, Maksiz ak Moroumbene.

Biwo tradiksyon a distans lang gitonga ki nan Maksiz, Inambane, yon pwovens nan Mozanbik.

Anvan sa, pwoklamatè yo te twouve li difisil pou yo konprann tradiksyon Bib ki te genyen nan lang gitonga yo. Men avèk nouvo tradiksyon sa a, frè ak sè yo kontan genyen yon tradiksyon Labib ki fasil pou moun konprann. Men sa youn nan tradiktè yo te di: “Yon papa ki renmen pitit li anpil itilize mo ki senp e ki natirèl pou l pale ak pitit li. Menm jan an tou, moun ki pale lang gitonga depi yo fèt yo ap fasil pou yo konprann pawòl Papa nou an, Jewova, di nou nou jwenn nan tradiksyon Labib sa a.”

Men sa frè Wridgway te di pandan li t ap anonse tradiksyon Labib la: “Si nou vle vin bon zanmi Bondye, nonsèlman n ap bezwen pale avèk li chak jou pa mwayen lapriyè, men tou, n ap bezwen koute sa l di nou chak jou lè l ap pale avèk nou pa mwayen Pawòl li a, Labib. Nou ankouraje nou pou nou kòmanse li nan Tradiksyon monn nouvo aLiv ki te ekri an grèk yo kou sa posib, epi pran abitid li Bib la chak jou.

Nou kontan pou frè ak sè nou yo paske yo gen tradiksyon sa a, e n ap priye pou Jewova kontinye beni travay predikasyon k ap fèt nan lang gitonga. — Women 12:15.