Al gade sa k anndan l

Tanpèt Chalàn frape kot Mozanbik.

13 JANVYE 2021
MOZANBIK

Tanpèt twopikal Chalàn lakòz gwo dega nan peyi Mozanbik

Tanpèt twopikal Chalàn lakòz gwo dega nan peyi Mozanbik

Zòn li frape

Sofala ak Manika, de bouk nan sant peyi Mozanbik, ak plizyè zòn siklòn Idayi te frape nan mwa mas 2019.

Katastwòf

  • Nan dat ki te 30 desanm 2020 an, tanpèt twopikal Chalàn te frape kot Mozanbik. Tanpèt la te lakòz inondasyon ak glisman teren, e anpil bagay te kraze.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Gen twa pwoklamatè ki te gen ti blese.

Dega

  • 34 kay gen ti domaj.

  • 12 kay gen gwo domaj.

  • 16 kay kraze.

  • 7 Sal Wayòm gen ti domaj.

  • 4 Sal Wayòm gen gwo domaj.

  • 1 Sal Wayòm kraze.

Dispozisyon pou pote èd

  • Yo te nome yon komite sekou pou kowòdone efò k ap fèt pou pote sekou. Komite a te ede pwoklamatè ki gen kay yo kraze yo jwenn yon kote pou yo rete. Pandan èd sa yo ap bay, tout moun respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

N ap priye Jewova pou l kontinye ede frè ak sè nou yo ki viktim anba dènye tanpèt sa a. — Sòm 121:2.